Anplwaye ONA yo ki tanmen yon mouvmen depi plis pase plizyè semèn nan tout kwen nan peyi a pou mande meyè kondisyon travay vin pi andjable apre ekip ki nan tèt sendika (SE-ONA) yo fin soti yon nòt pou mande yon trèv.
Yon nouvèl ki vin mete plis lwil nan dife a, anplwaye yo rele anmwey yo denonse ekip SE-ONA yo ak 2,3 grenn anplwaye ki al vann direktris jeneral la, madam Marguerite Berthe Marescot mouvman an pou lajan ak pwomosyon selon sa yo fè konnen.
Selon anplwaye yo se pa premye fwa mesye ki nan tèt SE-ONA yo ap itilize vye pratik sa ki, se vann revandikasyon anplwaye yo a chak fwa yo leve kanpe, anplwaye yo fè konnen kou sa pap pase, yo mande direktris la ak tout akolit li yo pou kite tèt ONA pou yon pitit enstitisyon an ranplase li e reponn ak revandikasyon yo ki se meyè kondisyon travay, 25 mil goud chak mwa sou kat debi yo, ak ogmantasyon salè yo.
Yon lòt bò, yo raple mesye dam SE-ONA yo ke manda yo fini, yo pa gen okenn lejitimite pou pale nan non aplwaye yo alevwa pou vin mande yo kanpe mouvman an, yo anonse lendi ki ap 28 oktòb 2024 la, bonè bonè tout 14 biwo nan pwovens yo ap kanpe. Pifò gwoup òganize yo tankou « Katèl Solisyon », Katèl Limyè, Ger Ona, Mem-Ona, Vto pou site sa yo mande tout anplwaye yo nan kapital la kou an pwovens pou apiye mouvman an sila ki pral ede yo rale yon souf.
Pi lwen yo voye yon piga bay tout moun ki gen lajan nan men yo ki ta gen entansyon vin kanpe an fas mouvman an, anplwaye Okap yo voye yon mesaj klè bay direktris la yo di ki ap fè fòs sou yo pou kanpe mouvman an kote li deja tranfere 4 anplwaye ki afekte nan sekirite a.