Sendika Pwovizwa Lapolis Nasyonal peyi Dayiti (SPNH-17) pote yon ti limyè sou kèk enfòmasyon ki ap sikile kote yo fè kwè gen zam ak minisyon PNH la ki ta disparèt pandan ane 2025 lan. Dapre responsab sendika a, enfòmasyon sa yo pa gen okenn verite ladan yo.
Nan yon nòt pou laprès, kowòdonatè SPNH-17 la, Garry Jean-Baptiste, fè konnen Komisè Azor Fritz Gérald ki se responsab zam nan enstitisyon an. Li deklare se 370 fizi TQ4 PNH la te prete nan men wo eta-majò Fòs lame peyi Dayiti (FAd’H). Operasyon sa a te fèt nan lide pou ranfòse lapolis la nan batay yo ap mennen kont gang ame yo nan peyi a.
Sendika a presize tout dokiman yo te fèt nan lòd epi dosye a anrejistre jan sa dwe fèt nan rejis enstitisyon an.
Yon sistèm kontwòl anba je entènasyonal
Pou moun ki ta gen dout sou fason yo jere materyèl sa yo, SPNH-17 raple gen yon siveyans strik ki fèt sou zam ak mounisyon yo. Se pa sèlman PNH la ki ap gade, men gen sipèvizyon:
BINUH (Biwo Nasyonal Nasyonzini an Ayiti)
ANL (Ajans Nasyonal pou Lit kont Trafik Zam)
Garry Jean-Baptiste pa kache sa li panse sou dosye sa a. Dapre li, se yon konplo ki moute pou yo ka sal imaj ansyen Direktè Jeneral la, Normil Rameau. Kowòdonatè a prezante Rameau kòm youn nan chèf ki te gen plis kredibilite nan tèt PNH la.
«Se yon tantativ pou nwi repitasyon yon moun ki te travay seryezman,» se sa lidè sendikal la fè konprann, pandan li ap mande popilasyon an pou li pa tonbe nan manipilasyon.
Echojounal echojounal.net