Sitiyasyon an grav anpil nan depatman Latibonit. Kolektif Defansè Plis ak « Kolektif pou Sove Latibonit » (KSL/L) leve vwa yo byen fò pou kondane masak kriminèl ak zam fè nan lokalite Jan Deni ak Pon Sonde a
Dapre enfòmasyon òganizasyon sa yo bay, zak lach sa yo lakòz yon katastwòf san parèy nan zòn nan. Men yon rezime chif ki bay sezisman yo:
* 70 moun mouri (bilan pasyèl);
* Plis pase 30 moun blese;
* Plis pase 50 kay kriminèl yo mete dife;
* Près 6 000 moun oblije kouri kite lakay yo pou al chache refij nan zòn Machan Desalin, Ti Rivyè ak Sen Mak nan move kondisyon.
Leta akize kòm konplis nan pasivite li
Pou Defansè Plis ak KSL, vyolans sa yo se pa aksidan, se vyolasyon dwa fondamantal moun pou yo viv an sekirite, jan Konstitisyon peyi a ak akò entènasyonal Ayiti siyen yo mande sa.
Òganizasyon yo pa manti nan mo yo: yo kalifye silans ak mank aksyon gouvènman an kòm yon « pasivite revoltan » ki sanble tèt koupe ak yon konplisite klè. Yo estime otorite yo demisyone nan wòl yo genyen pou pwoteje popilasyon an, pandan yo ap kite gang ame yo fè kout san nan tout depatman Latibonit la.
Fas ak san ki ap koule a, de (2) kolektif yo mande Leta pou li sispann gade moun ki ap mouri yo tankou se sinema. Yo egzije:
* Yon entèvansyon rapid pou sekirize sivil yo;
* Yon kanpay pou demantle gang yo tout bon vre;
* Fen ak sistèm enpinite ki ap detwi kominote yo.
« San an ap koule twòp. Li lè pou Leta sispann kite gang yo kraze sosyete a nan plas pou yo ta demantle yo, » se sa nou ka li nan fen deklarasyon an.
Echojounal echojounal.net