Ayiti/Pnh: Nouvo DG PNH la anba gwo frap

Nan mwens ke 3 jou apre enstalasyon Jonas Vladimir Paraison kòm nouvo direktè jeneral lapolis la nan lakou peyi Dayiti, nouvo DG kòmanse pran gwo frap e ap konte kadav.

Nouvo DG a ap konte kadav, twa (3) polisye tonbe anba kout bal bandi nan Lyankou ak nan Kenskòf, plizyè lòt blese e yon cha lapolis la boule, pami 3 polisye ki mouri yo gen 2 ladan yo ki soti nan kò BOID ke se DG a menm ki te kreye kò sila.

Lòt polisye a li menm soti nan UTAG ki se yon inite espesyalize ki kreye pou goumen ak bandi yo, selon enfo yo Jonas Vladimir Paraison gen touch li nan kreye inite sa. Poukisa atak sa yo sou kò espesyalize ki gen rapò ak nouvo DG a? Menm lè nou konnen te toujou gen konba ant polis la ak bandi yo, se youn nan rezon ki fè yo chwazi mete Paraison nan tèt polis la.

Yon lòt bò sou rezo yo bri ap kouri ke blan meriken pa ta aksepte chwa Jonas Vladimir Paraison kòm chèf polis la, youn nan manm konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout yo ki te al pran plezi li fè konnen li pat okouran si yo tap chanje ansyen DG PNH la, Normil Rameau.

Pi lwen enfo yo ta fè kwè Vladimir Paraison ta sèlman gen pou li pase de (2) mwa nan tèt polis la, yon enfo ki pa sonnen twò byen nan mitan popilasyon an ki ap tann yon van chanjman pou yo ta retounen lakay yo. Plizyè lòt non deja ap site pou ta vin ranplase nouvo DG a.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Lemond/Jistis: Babekyou voye gwo mesaj bay FBI apre yo fin mete pil lajan atè pou mare li.

Lajistis amerikèn nan tèt kole ak FBI mete gwo lajan atè pou nenpòt moun ki …