Ayiti/PNH: Operasyon « Dekachte Figi » pandan Kò a ap Dekonpoze

Dènye sikilè Direksyon Jeneral Polis Nasyonal Dayiti (PNH) a tonbe kou yon kout kouto nan dlo: entèdiksyon pou polisye mete kagoul nan moman yo ap fè operasyon. Si sou papye desizyon sa a sanble vle mete lòd ak transparans, nan reyalite nou ap viv la, li sanble plis ak yon plak sou yon janm kase. Pandan Leta ap mande polisye dekouvri figi yo, li bliye pwoteje do yo ak diyite yo.

​Nou konprann lojik kòmandman an. Twòp move zèb pwofite kagoul pou komèt abi, vòl, ak zak malonèt sou do enstitisyon an. Lè yon popilasyon pa ka distenge ant yon « bon polisye » ak yon « gang ki ap devalize kay », konfyans lan mouri nèt. Men, èske se kagoul la ki pwoblèm nan, oubyen se sistèm kontwòl ak sanksyon ki pa egziste a?

​Mande yon polisye ki ap viv nan yon katye chofe pou li dekouvri figi li devan kamera tout moun, se ekspoze li ak tout fanmi li anba kòlè gang yo ki mèt lari a. San yon plan sekirite pou lavi ajan yo apre sèvis yo, desizyon sa a sanble ak yon santans lanmò degize.

​Si nou ap pale de imaj ak pwofesyonalis, gen yon pwoblèm ki pi grav pase kagoul : fenomèn polisye an « maillot » oswa « T-shirt » nan gwo operasyon. Sa se yon imaj ki degrade enstitisyon an chak jou:

  • Ki jan pou nou rekonèt yo? Nan mitan yon fiziyad, kijan yon sivil ap fè konnen si nèg an T-shirt nwa ak jeans lan se yon ajan serye oubyen yon manm sena gang?
  • Kote inifòm yo? Se yon sekrè de polichinèl: anpil polisye oblije achte pwòp ekipman yo oswa mache ak rad sivil paske Leta pa kapab ba yo inifòm ase. Yon polisye ki pa gen inifòm, se yon enstitisyon ki pa gen otorite.
  • Lòd ak disiplin: Lè yon ajan kanpe ak yon gwo zam nan men li, po tèt li mare ak mouchwa, san okenn ensiy ki montre li se yon fonksyonè Leta, nou pa nan pwofesyonalis ankò, nou nan « mafiya legal ».

​Olye nou ap pèdi tan sou moso twal ki nan figi polisye, an nou poze vrè keksyon yo:

  1. Ekipman: Kilè polisye yo ap jwenn bon jan jile parbal ak kas ki pa perime?
  2. Lojistik: Poukisa machin blennde yo ap tonbe an pàn chak de jou pandan gang yo ap monte an pisans?
  3. Sante ak Salè: Kijan nou ap mande yon moun riske lavi li san kagoul pandan li pa gen menm yon asirans sante ki solid pou li ak pitit li?

​Retire kagoul nan figi polisye san nou pa retire kòripsyon nan tèt kòmandman an epi san nou pa bay mwayen pou travay, se lave men siye atè. Pwofesyonèl pa vle di sèlman « montre figi ou », sa vle di tou « respekte prensip ak bay ekipman ». Si PNH la vle popilasyon an fè li konfyans, se pa sèlman mask la pou yo retire, se tout vye rad « maillot » ak dezòd estriktirèl la ki dwe disparèt pou bay plas ak yon vrè fòs lòd ki gen disiplin ak diyite.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/ULCC: Ansyen Konseye Prezidan yo nan gwo taton, jesyon lajan Leta a pral pase nan paswa

Inite de Lit Kont Koripsyon (ULCC) deside pa jwe ak kesyon transparans lan fwa sa …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager