Ayiti/Politik: Blan an Tranche, Alix Didier Fils-Aimé ap rete Sèl Mèt Apre 7 Fevriye

Yon fwa ankò, se kominote entènasyonal la, atravè Gwoup Pèsonalite Eminan (GPE) CARICOM nan, ki deside sò lavni Ayiti. Apre plizyè mwa tatonnaj ak yon echèk total nan negosyasyon ant aktè politik ayisyen yo, vèdik la tonbe: peyi a pral dirije pa Premye Minis de fakto a, Alix Didier Fils-Aimé, ki ap prezide Konsèy Minis la.

​Pandan nou ap pwoche dat senbolik 7 fevriye a, kote anpil moun te ap tann yon chanjman oswa yon konsensus, se pito yon « statu quo » degize ki enpoze tèt li. Sèl ganyen nan kriz sa a, pou kounye a, se Alix Didier Fils-Aimé ki ap konsolide pouvwa li pandan Konsèy Prezidan Tranzisyon chak moun fè ti kout la (CPT) ap dekonpoze anba je tout moun.

​Anpil obsèvatè pa kache kòlè yo devan sa yo rele « dikta blan an ». Se menm kominote entènasyonal sa a ki te moute estrikti CPT a, yon estrikti ki pa janm rive bay rezilta, ki te chire ak eskandal koripsyon, epi ki pa te ka menm sekirize tèt li, ale wè pou li ta sekirize popilasyon an. Jodi a, lè yo wè CPT a nan yon enpas, olye yo chèche yon solisyon ki soti nan zantray nasyon an, blan an chwazi remèt kle peyi a bay Premye Minis la sèlman.

​Dapre enfòmasyon ki soti nan sous CARICOM yo, se atik 28.1 nan dekrè kreyasyon CPT a yo ap itilize pou jistifye desizyon sa a. Sa vle di, peyi a ap fonksyone san tèt prezidansyèl, kote Konsèy Minis la pral gen tout pouvwa nan men li.

​Pou anpeche nenpòt soulèvman popilè kont desizyon sa a, otorite yo planifye yon gwo deplwayman sekirite pou vandredi 6 ak samdi 7 fevriye sa a. Lapolis ak fòs miltinasyonal yo sou alèt maksimòm nan lari Pòtoprens.

​Li prevwa pou premye gwo desizyon gouvènman « nouvo fòmil » sa a tonbe depi dimanch 8 fevriye. Men, kesyon an rete poze: kijan yon ekip ki echwe nan moute yon tranzisyon solid pral rive fè mirak jodi a?

​Pou kounye a, Alix Didier Fils-Aimé parèt kòm sèl chèf ki rete kanpe nan mitan dekonm yon klas politik ki pa te ka antann li. Yon fwa ankò, se enterè entènasyonal la ki pase anwo volonte ak diyite pèp ayisyen an.

About Echojounal

Check Also

Ayiti/Kidnapin: Lapolis mare 3 moun ki te simile yon kidnapin.

Lapolis nan depatman Sidès (PNH) mete anba kòd, nan lannwit madi 3 pou rive mèkredi …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager