Ansyen Sekretè deta ak Sekirite Piblik la e Minis enteryè ak kolektivite tèritoryal yo, Ronsard Saint-Cyr parèt tèt li e pote yon solisyon pou pèmèt peyi a rale yon souf.
Nan yon ti videyo ki viral sou rezo yo, ansyen sekretè deta ak sekirite piblik la adrese li ak tout kouch nan sosyete a nan lakou peyi Dayiti kote, li pwopoze yo yon dyalòg sensè pou pèmèt peyi a soti nan sityasyon difisil li ye a.
Selon Ronsard Saint-Cyr se sèl dyalòg ki kapab rezoud kriz sa ki ap ravaje peyi a depi yon bon bout tan, li mande pou tout pitit nasyon an mete tèt ansanm e pran yon angajman sensè pou pèp la rale yon souf.
Nou ap fè ou konnen, malgre tout pwomès kominote entènasyonal la ap fè pou swadizan ede peyi a soti nan kriz li ye a, yo toujou fè konnen kriz la se ant ayisyen yo li ap rive rezoud.
Kredi foto: Le point
Echojounal echojounal.net