Sou presyon peyi Larisi ak Lachin, peyi Etazini deside lage manm « Konsèy Prezidansyèl chak moun fè ti kout yo » ki pap regle anyen nan lakou peyi Dayiti ke fè lajan.
Selon enfo yo gwozotobre yo nan lakou peyi Etazini nan tèt kole ak OEA deja chita pale antre yo sou yon plan pou rezoud pwoblèm ensekirite a nan peyi Dayiti e travay sou yon lòt gouvènman tranzisyon ki pral gen misyon pase men nan sistèm jistis la pou kapab mare yon seri gwo palto ki pa dwat ak pou òganize eleksyon yo.
Nan plan pou rezoud pwoblèm ensekirite a, depatman deta peyi Etazini anvizaje kwense bandi ak vès yo, nan pran sanksyon kont yo, bloke tout kont yo, e menm voye tounen sa ki pa nan peyi Dayiti yo, selon yon sous nou ka fè konfyans deja genyon plan pou elimine pi fò nan bandi ki pote non bandi ak sapat yo.
Apre nouvèl sila plizyè politisyen nan lakou peyi Dayiti deja lanse yon kanpay medyatik pou kapab vin premye minis nan nouvo gouvènman an, sa ki nan pouvwa yo bò kote pa ap laloz, gen nan yo ki deja pran pozisyon piblik kont gouvènman defakto ak konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la.
Echojounal echojounal.net