Ayiti/Pozisyon: PFRA Pozisyone li sou « Pak Nasyonal » la, Yon Chwa ant Eleksyon ak Refondasyon Konstitisyonèl

Nan yon nòt pou laprès ki rann piblik jounen lendi 2 mas 2026 la, Platefòm Fron pou Rebati Ayiti (PFRA) reyaji ofisyèlman apre siyati « Pak Nasyonal pou Stabilte ak Òganizasyon Eleksyon yo » ki te fèt jou ki te lendi 23 fevriye 2026 la nan Villa d’Accueil. Si PFRA salue demach dyalòg la, li bat bravo ak yon rezèv : pou yo menm, pak sa a pa dwe yon senp papye, men yon veritab rale-mennen-vini pou chanje figi Leta ayisyen an.

Kowòdonatè Jeneral PFRA a, Fitz-Evens Polony, deklare platfòm nan pran ak de seremoni an ki te rasanble Premye Minis la, manm gouvènman an, ak kò diplomatik la. PFRA kwè se yon bon pa nan direksyon yon solisyon negosye pou retire peyi a nan kriz ki ap fini avè l la.

Sepandan, yo avèti : stabilti a pa dwe yon mwayen pou nou tounen nan « ansyen lòd la », men se pou li sèvi tranplen pou rebati Ayiti tout bon vre. Pou PFRA, gen twa pwen kle ki dwe mache ansanm si nou vle soti nan tonton kriz sa a:

1- Yon Nouvo Konstitisyon (Referandòm) : Se pwen ki pi fò nan pozisyon PFRA a. Pou yo, Konstitisyon 1987 la gen twòp blokaj ki anpeche peyi a mache. Yo mande yon referandòm anvan menm eleksyon yo fèt, pou Ayiti ka gen yon manman lwa ki adapte ak reyalite 21yèm syèk la.

2- Sekirite an premye : Platfòm nan kategorik : p ap gen ni devlopman, ni envestisman, ni eleksyon serye tout otan gang yo ap teworize popilasyon an. Restaurasyon otorite Leta a sou tout teritwa a dwe yon priyorite absoli.

3- Eleksyon Transparan : PFRA dakò fòk gen eleksyon pou fini ak peryòd tranzisyon san fen sa a, men yo ensiste pou eleksyon sa yo fèt nan transparans total pou pèp la ka fè rezilta yo konfyans.

Nan fen nòt la, PFRA mande tout moun ki siyen Pak la pou yo montre yo se vrè patriyòt. Yo deklare yo ap rete vijilan pou asire yo ke angajman yo pran yo tounen aksyon konkret sou teren an.

Pou Fitz-Evens Polony ak PFRA, se pa sèlman kesyon voye moun nan eleksyon, se kesyon bay Ayiti zouti legal ak enstitisyonèl ki ap pèmèt li soti nan povrete ak enstabilite kwonik.

 

About Emmanuel Hubert

Check Also

Lemonn/ Latwoublay: Gid Siprèm Ali Khamenei mouri, yon Epòk fini

Peyi Iran leve nan yon gwo chòk dimanch 1er mas 2026 sa a. Televizyon leta …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager