Screenshot

Ayiti/Remaniman: Serge Gabriel Colin pran tèt Ministè Finans

Nan yon mouvman ki montre volonte li pou li akselere aksyon gouvènman an, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé anonse premye seri nominasyon nan nouvo kabinè minis li a. Se yon ekip li chwazi baze sou sa li rele « teknokrasi » pou eseye redrese barak la.

​Gwo nouvèl ki domine aktyalite a se nominasyon Serge Gabriel Colin kòm nouvo Minis Ekonomi ak Finans. Mouche Colin, ki te ap dirije Fon Asistans Ekonomik ak Sosyal (FAES) anvan sa, ap gen pou li jere kès leta a nan yon moman ki difisil anpil.

​Men lòt chanjman enpòtan PM nan:

  • Kesner Romilus monte kòm nouvo Direktè Jeneral FAES, pou ranplase minis Colin.
  • Chesnel François pran tèt Direksyon Jeneral Enpo (DGI), yon enstitisyon ki gen gwo responsablite pou ranmase lajan pou leta fonksyone.

​Pou Alix Didier Fils-Aimé, chwa sa yo pa fèt nan tatonnaj. Li deklare li bay tout sektè opòtinite pou yo pwopoze moun ki gen kapasite teknik.

​« Nou pral chwazi moun ki ka fè travay la pi byen. Se teknokrat nou privilégie, » se sa chèf gouvènman an fè konnen, pandan li presize gen kèk minis nan ansyen ekip la ki ap rete nan pòs yo pou asire kontinwite a.

 

​Remaniman sa a poko fini nèt. Premye Minis la ap pati pou yon reyinyon enpòtan ak CARICOM nan peyi Saint-Kitts-et-Nevis. Se sèlman lè li tounen nan peyi a li ap fin devwale rès non moun ki pral konpoze nouvo gouvènman an.

​Pèp la ap tann pou li wè si nouvo vizaj sa yo pral pote yon lòt souf nan jan leta ap sèvi popilasyon an, sitou nan nivo ekonomi ak sekirite.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Rara: Pa gen Rara pou ane 2026 la poutèt sekirite a ki ap degrade

Nan yon nòt ofisyèl ki tonbe tankou yon kout mas nan do kilti ayisyen an, …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager