Ayiti/Remanyeman Minisyèl: Men nouvo ekip ki ta dwe al dirije peyi a nan kèk èd tan.

Yon gwo van chanjman ap soufle sou tèt leta a. Yon Konsèy Minis enpòtan prevwa pou apremidi a vè 3 è, kote yo pral nonmen ofisyèlman plizyè nouvo figi nan tèt plizyè ministè kle nan peyi a.

Yon batay politik ki vire anfavè Kongrè Patriyotik la
Youn nan pwen ki plis atire atansyon nan chanjman sa yo, se dosye Ministè Edikasyon Nasyonal la. Apre yon gwo rale-mennen-kase ant Kongrè Patriyotik la ak OPL, se finalman premye gwoup la ki genyen batay la. Se konsa, Vijonet Déméro pral pran kòmand edikasyon an nan peyi a. Pami lòt nominasyon ki pral fèt yo, nou jwenn non ansyen direktè polis la, Mario Andrésol, ki pral depoze valiz li nan Ministè Defans.

Men lis lòt pèsonalite ki pral antre nan gouvènman an:
* Raina Forbin: Minis Afè Etranjè
* Dumas Pithagore: Minis Espò
* Sandra Paulemont: Minis Planifikasyon
* Marcelin Aubourg: Minis Agrikilti
* Emmanuel Ménard: Minis Kilti ak Kominikasyon
* Marc-Élie Nelson: Minis Afè Sosyal
* Almat Pierre-Louis: Minis Travo Piblik (MTPTC)

Malgre gwo remanyeman sa a, gen senk (5) minis ki kenbe konfyans chèf gouvènman an. Yo rete nan pòs yo pou asire kontinwite nan domèn sa yo: Enteryè, Jistis, Sante Piblik (MSPP), Kondisyon Feminin, ak Komès.

Remanyeman sa a rive nan yon moman kote popilasyon an ap tann rezilta konkret sou sekirite ak lavi chè a, » se sa yon sous ki pwòch Primati a deklare. Tout je fikse sou palè a apremidi a pou enstalasyon nouvo minis sa yo ki gen yon lou chay sou zepòl yo.

 

About Emmanuel Hubert

Check Also

Lemonn/ Latwoublay: Gid Siprèm Ali Khamenei mouri, yon Epòk fini

Peyi Iran leve nan yon gwo chòk dimanch 1er mas 2026 sa a. Televizyon leta …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager