Òganizasyon Solidarite pou transfòme Ayiti (STA) rale zòrèy gouvènman ameriken an, ak Prezidan Donald Trump nan tèt li, apre operasyon militè ki mennen nan sa yo rele « kidnapin » Prezidan Nicolas Maduro nan peyi Venezyela. Nan yon nòt pou laprès ki soti ak anpil fòs, STA deklare zak sa a se yon « aksyon sovaj » ki fèt nan fènwa pou kraze diyite yon pèp.
Dapre detay STA bay, operasyon an te dewoule 3 janvye pase a, ant 2 zè ak 3 zè nan maten. Pou òganizasyon an, chwa lè sa a pa yon aza: “Se yon lè endiy, lè gangstè ak malfektè komèt move aksyon yo,” se sa nòt la presize. STA kondane ak tout fòs yo fason yo anvayi rezidans yon prezidan yo rekonèt kòm lejitim pou pati avèk li nan kacho.
Pou manm STA yo, agresyon sa a gen yon sans ki pi fon pase senp arestasyon yon nonm. Yo idantifye twa (3) gwo menas:
Vyolasyon flagran dwa entènasyonal: Pa gen okenn lwa ki pèmèt yon peyi anvayi yon lòt pou anlve lidè li.
Yon kout pye nan souverènte Sid Global la: Aksyon sa a se yon mesaj ak yon menas pou tout peyi ki ap chèche endepandans yo.
Retounen Doktrin Monroe: STA wè nan zak sa a yon anbisyon neyokolonyalis pou kontwole resous peyi tyèmonn yo, menm jan sa te fèt an Irak ak nan plizyè peyi an Afrik.
Anplis arestasyon Maduro ak madanm li, STA denonse vyolans lame ameriken an deplwaye sou popilasyon sivil la nan vil Karakas. Rapò yo fè konnen te gen bonm ki lage sou katye popilè, kay ki boule, ak moun ki pèdi lavi yo.
»Nou denonse ak tout fòs nou vyolasyon sa yo, epi nou eksprime solidarite nou ak pèp Venezyela, » deklarasyon an fèm sou pwen sa a.
Pou STA, zak sa a sou Nicolas Maduro se yon prèv ke enperyalis meriken an pa gen limit nan chèche kraze souverènte pèp yo. Pandan sitiyasyon an rete tansyon nan rejyon an, òganizasyon ayisyen an mande pou tout fòs pwogresis yo rete vijilan devan sa yo rele « aksyon sovaj » sa a.
Echojounal echojounal.net