Ayiti/ Sante: Depatman Sante Piblik konfime 5 moun mouri anba maladi difteri, yon gwo kanpay vaksen lanse.

Sitiyasyon sanitè a vin pi konplike nan peyi a. Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) fè konnen, jounen jedi 9 avril 2026 la, gen pou pi piti senk (5) moun ki pèdi lavi yo akòz maladi difteri a. Pou konbat maladi sa a ki gen tan ap vale teren, otorite yo deside reponn vit ak yon kanpay vaksen nan tout peyi a selon sa yo fè konnen.

‎Pou anpeche maladi sa a gaye plis, Ministè a tanmen yon distribisyon vaksen nan tout peyi a. Doktè Martial Benèche, ki se responsab Pwogram Elaji pou Vaksinasyon (PEV) nan MSPP, konfime operasyon sa a deja lanse nan dis (10) depatman jewografik peyi a.

‎Doktè Benèche fè konnen travay sa a ap fèt an kolaborasyon ak plizyè sant sante ansanm ak lopital piblik yo. Objektif la se pèmèt popilasyon an jwenn vaksen an fasil pou evite plis moun mouri.

‎Kisa popilasyon an dwe konnen?
‎Difteri se yon maladi ki trapan anpil epi ki ka touye moun si yo pa pran swen yo rapid. Men kèk konsèy enpòtan otorite yo pataje:

Tcheke kanè vaksen: Paran yo dwe asire yo timoun yo pran tout vaksen yo.
‎Siy pou siveye: Si yon moun gen gwo mal nan gòj, lafyèv, oswa si gen yon tach blanch/gri ki parèt nan gòj li, se pou li kouri al nan lopital ki pi pre a.

Kolaborasyon: Li enpòtan pou popilasyon an kolabore ak ajan sante yo ki ap deplwaye sou teren an.
Leta, atravè MSPP, pwomèt li ap kontinye siveye sitiyasyon an pou asire vaksen yo disponib tout kote pou pwoteje lavi sitwayen yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/ Eleksyon 2026: CEP a ranvwaye enskripsyon elektè ak kandida yo

Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) anonse li pran desizyon pou li pouse pi devan dat ki …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager