Ayiti/Sekirite: Lapolis sezi plizyè grenn katouch ki te kache nan yon èd imanitè

‎ Vijilans Lapolis Nasyonal peyi Dayiti (PNH) pèmèt yo dekouvri de (2) bwat katouch ki te kache anndan yon kagezon machandiz imanitè nan Wharf Jakmèl la. Minisyon sa yo, ki te destine pou yon òfelina nan vil Okay, te lakòz arestasyon yon sitwayen ayisyen pandan otorite yo ap chèche konnen plis sou yon ameriken ki ta mèt valiz yo.

‎​
‎​Pandan ajan Ladwàn yo ak lapolis te ap fouye yon kagezon ki te rive nan pò a, yo tonbe sou de bwat ki te gen 25 katouch chak (50 katouch total). Sa ki rale atansyon otorite yo, se kote katouch yo te kache : yo te anndan valiz ki fè pati yon èd imanitè ki te sipoze ale nan yon òfelina nan depatman Sid la.

‎​
‎​Lapolis te kouri poze lapat sou Ronald Sanon, ki te vin resevwa machandiz la nan waf la. Pou kounye a, misye nan gadavi nan kad ankèt la. Dapre premye enfòmasyon ki disponib:
‎​Valiz kote yo jwenn katouch yo se pou yon sitwayen ameriken.
‎​Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ) ak otorite Ladwann yo pran kontwòl dosye a nèt.


‎​Malgre sitiyasyon an parèt grav, premye eleman nan ankèt la ta fè kwè se katouch pou chas yo ye. Sepandan, otorite yo rete pridan, paske lalwa mande pèmisyon espesyal pou antre nenpòt kalite minisyon sou teritwa a, sitou lè yo kache nan mitan èd imanitè.

About Echojounal

Check Also

Ayiti/Kidnapin: Lapolis mare 3 moun ki te simile yon kidnapin.

Lapolis nan depatman Sidès (PNH) mete anba kòd, nan lannwit madi 3 pou rive mèkredi …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager