AYITI/ZEN: DEPATMAN DETA AMERIKEN AN BAT BA, EDGARD LEBLANC FÈ EGZIJANS

Apre gouvènman ameriken an te fin fè prezidan « konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la » Edgard Leblanc Fils konnen si li ap vini nan 79èm asanble jeneral nasyon zini an, yo pap ka asire sekirite li ak delegasyon li an, yo bat ba, yo tounen sou desizyon yo.

Nan yon pòs depatman deta ameriken fè sou rezo sosyo (facebook), yo anonse ke prezidan « konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la », Edgard Leblanc Fils kapab rantre nan peyi Etazini pou vin patisipe nan 79èm ansanble jeneral nasyon zini an, yo pwomèt li ke li ap jwi tout privilèj ke li dwe jwi yo e yo ap garanti sekirite li.
Touswit apre pòs la, Edgard Leblanc egzije pou depatman deta ekri li yon lèt dirèkteman pou li kapab rantre nan peyi Etazini.

Selon anpil moun depatman deta a retounen sou desizyon sa apre premye minis defakto a, Garry Conille rekonèt li pap ka pran lapawòl sou tribin nasyon zini an nan non Edgard Leblanc ni konsèy la. Kesyon anpil moun ap poze si Edgard ta jwenn lèt la li mande a e li ta ale Etazini, ki wòl Leslie Voltaire ki te pran woulib avyon an pral jwe e ke ki ekip kominikasyon li an te anonse se li ki vin reprezante konsèy la?

About Echojounal

Check Also

Haïti/Intempérie: Cinq départements de la république D’Haïti en virgilance rouge

L’Unité Hydro Météorologique d’Haïti (UHM) de concert avec la Direction Générale de la Protection Civile …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager