AYITI/ZEN/KORIPSYON: YON DIREKTÈ JENERAL NAN PEYI DAYITI SEZI LAJAN ANPLWAYE YO POU FÈ FÈT.

Anplwaye « Bureau des mines et de l’Energie » yo denonse direktè jeneral enstitisyon sila, Claude PREPTTI ak Adm nan, Marie Nicole DIEUDONNÉ ki ta detounen lajan lekòl anplwaye yo ki ta plis pase 3 milyon goud.

Selon anplwaye yo direktè a fè detounman lajan sa pou kapab fè fèt enstitisyon an ki ap rive jis nan mwa jiyè 2025 selon sa li ta fè anplwaye yo konnen kòm rezon ki fè li pran lajan an. poutan,anplwaye yo pa ka voye pitit yo lekòl, yo ap dòmi nan lari, yo dwe yo pa ka peye pou site kèk nan sa yo tap repete yo.

Yo mande manm « konsèy Prezidansyèl chak moun fè ti kout la » ak premye minis defakto a, Garry Conille pou fè yon entèvansyon prese prese nan dosye sila, yo menase fè plizyè mouvman pou fòse direktè a ba yo lajan yo ki deja debloke selon sa yo fè konnen, yo mande ULCC pou fè yon ti pase nan biwo a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les États-Unis sanctionnent un gang vénézuélien supposément lié à Nicolas Maduro

Le département américain du Trésor a annoncé vendredi des sanctions contre le « Cartel de …