Mond lan leve ak kè sote maten samdi 28 fevriye 2026 la, apre lame Izrayèl ak Etazini lanse yon gwo operasyon militè ansanm sou plizyè vil nan peyi Iran. Kèk èdtan sèlman apre premye eksplozyon yo, Iran reponn ak yon kous frap vize baz lame ameriken nan rejyon Gòlf la. …
Read More »Ayiti/Remaniement : Men moun ki ta dwe konpoze nouvo ekip gouvènmantal la
Apre li fin depoze valiz li sot nan 50yèm reyinyon CARICOM nan, Premye Minis la antre nan yon kous kont la mont pou li finalize lis nouvo minis li yo. Selon enfòmasyon ki rive nan men nou, gouvènman « monosefal » sa a ta dwe ofisyèl ant vandredi sa a ak lendi …
Read More »Ayiti/Eleksyon: KEP a ouvè yon gwo chita-pale 3 jou ak sosyete sivil la sou dewoulman eleksyon yo
Nan lide pou li vanse ak pwosesis elektoral la nan peyi a, Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) a demare, nan jounen jedi 26 fevriye 2026 la, premye jounen nan yon seri diskisyon ki pral dire 3 jou. Rankont sa a, ki fèt anba je reprezantan plizyè òganizasyon sosyete sivil la, vize …
Read More »Ayiti/Politik: Yon sèl chimen pou sove peyi a, se Inite Nasyonal ak Eleksyon
Nan yon nòt pou laprès ki soti lendi 23 fevriye 2026 la, òganizasyon politik RES AYITI, ki gen nan tèt li Michelet Baptiste, mande pou tout fòs viv peyi a mete tèt yo ansanm. Objektif la se rive òganize eleksyon ki kredib pou peyi a ka jwenn yon pouvwa lejitim …
Read More »Meksik/Dèy nan Oaxaca: De ti fi ayisyen mouri anndan yon fwaye akèy nan peyi Meksik
Kominote ayisyen an nan peyi Meksik nan gwo dèy, apre de ti fi ayisyen pèdi lavi yo nan yon sant akèy nan Leta Oaxaca, nan sid peyi a. Se nan yon fòs septik otorite yo jwenn kò san rache de ti moun sa yo ki te ap viv nan sant …
Read More »Ayiti/Kontra 542 milyon dola ak konpayi Erik Prince la: Yon kout kouto nan do lalwa ak transparans nan peyi Dayiti?
Pandan peyi a ap debat anba yon kriz sekirite san parèy, yon gwo dosye lajan Leta ap fè dlo koule nan je moun ki kwè nan transparans. Rezo Ayisyen Jounalis Anti-Kòripsyon (RHAJAC) leve vwa li byen fò pou li denonse yon kontra 542 634 238 dola ameriken Leta siyen ak …
Read More »Lemonn/Tansyon wo ant Kiba ak Etazini: 4 moun mouri nan yon konfwontasyon sou lanmè.
Ministè Enteryè peyi Kiba anonse mèkredi 25 fevriye 2026 la, yon gwo ensidan ki rive nan dlo teritoryal zile a, kote gad kòt kiben yo te antre nan gwo goumen ak yon bato ki gen imatrikilasyon Florid. Bilan an lou: kat (4) moun mouri epi sis (6) lòt blese bò …
Read More »Otorite Okap yo ap dòmi, pèp la ap neye : Yon katastwòf ki te ka evite
Depi douvan jou maten maten 24 fevriye 2026 la, vil Okap reveye ak dlo nan vant. Gwo lapli ki tonbe sou vil la lakòz gwo inondasyon ki paralize tout aktivite. Lekòl fèmen, komès bloke, ak lari a ki tounen veritab lakou dlo. Men, pi lwen pase kòlè lanati, se kòlè …
Read More »Lemonn/G7: Lidè yo kanpe djanm dèyè Ikrèn, Donald Trump ap pouse pou yon chita-tande pou lapè
Nan okazyon katriyèm ane depi Larisi te anvayi peyi Ikrèn, lidè sèt pi gwo pwisans ekonomik mondyal yo (G7) pibliye yon deklarasyon konjwen jounen madi 24 fevriye 2026 lan. Nan dokiman sa a, yo sèmante yo gen yon « soutyen san fay » pou pèp ikrenyen an nan batay li ap mennen …
Read More »Ayiti/Remaniman: Serge Gabriel Colin pran tèt Ministè Finans
Nan yon mouvman ki montre volonte li pou li akselere aksyon gouvènman an, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé anonse premye seri nominasyon nan nouvo kabinè minis li a. Se yon ekip li chwazi baze sou sa li rele « teknokrasi » pou eseye redrese barak la. Gwo nouvèl ki domine …
Read More »
Echojounal echojounal.net