Cercle Gregory Saint St-Hilaire (CGSH) fè yon kondanse sou kriz kap brase bil peyi a nan okazyon 218 èm komemorasyon lanmò papa Dessalines, nan yon nòt pou laprès pibliye 17 oktòb 2024 la.

Cercle la denonse enperyalis meriken nan tèt kole ak politisyen tradisyonèl ki trennen peyi a nan katchouboumbe li ye jounen jodi a malgre jefò papa Dessalines te fè pou tout moun ka viv tankou moun.

Cercle Gregory Saint-Hilaire(CGSH) mande pou bon jan desizyon ekonomik,politik ak sosyal pran pou pèmèt tout moun viv tankou moun andedan peyi a.

Se yon nòt ki pote divès siyati manm fondatè Cercle Grégory Saint-Hilaire(CGSH) tankou :Peguy Noël,Jean- Ronald OLYCÉ ak Dann Gorver Noncent.

Nap raple estrikti sila a te kreye nan kontèx sasinay Gregory Saint St-Hilaire andedan Lekòl Nòmal Siperyè nan dat 2 oktòb 2024 la nan lide pou kontinye goumen kont sistèm peze souse a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les États-Unis sanctionnent un gang vénézuélien supposément lié à Nicolas Maduro

Le département américain du Trésor a annoncé vendredi des sanctions contre le « Cartel de …