Se nan mitan gwo emosyon ak dlo nan je fanmi, pwòch, ak kòlèg nan laprès te reyini nan legliz Notre-Dame d’Altagrace nan Delmas, mèkredi 12 mas 2026 la pou salye pati nèg imaj la, Wilkins Clermont. Jounalis-kameraman sa a, ki te yon modèl devouman, ale kite nou nan dat 4 mas pase a apre yon kriz tansyon (AVC).
Pandan mès antèman an, reveran pè Robert Junior Remarais te pwofite rann yon gwo omaj ak pwofesyonalis Wilkins. Li te mande asistans lan pou yo reflechi sou sans lavi ak nesesite pou nou renmen pwochen nou ak aksyon tout bon vre.
« Èske nou fè efò pou nou renmen ak aksyon epi nan verite ? », se kesyon sa a pè a te poze pou envite tout moun viv fratènite a nan jès yo ap poze chak jou.
Yonn nan moman ki te plis sakaje asistan yo, se te difizyon yon mesaj vokal pitit fi defen an te voye. Kòm li pa te kapab deplase pou vin di papa li orevwa, mo li yo ki te chaje ak tristès ak anpil afeksyon te fè gwo efè sou tout moun ki te nan legliz la.
Kòlèg li yo, bò kote pa yo, sonje yon pwofesyonèl ki te gen anpil rigè, ki te diskrè, men ki te toujou prè pou li al sou teren. Pou yo, Wilkins Clermont te yon pasyone ki te toujou ap chèche pi bon imaj la pou li te ka pèmèt piblik la jwenn bon jan enfòmasyon.
Apre seremoni relijye a, tout moun ki te prezan te akonpaye kò a ak anpil rekèyman ak souvni. Depa sibit Wilkins Clermont, ki te fè yon kriz pandan li te nan yon sal espò, kite yon gwo vid nan mitan kominote medya yo an Ayiti. Se yon pwofesyonèl respekte tout moun ap regret jodi a.
Metye a pèdi yon gwo sèvitè, men tras li kite nan mond enfòmasyon an ap rete grave nan memwa kòlèg li yo pou yon bon bout tan.
Echojounal echojounal.net