Seleksyon nasyonal gason kategori mwens pase 20 lane yo (U20) pare pou al defann drapo ble ak wouj la. Antrenè kiben an, Raúl Valentín González Triana, rann piblik lis ofisyèl 21 jèn jwè ki pral konbat nan premye faz eliminatwa Koup dimond U20 la. Delegasyon an kite peyi a madi sa a pou li ale Kiraso, kote yo pral jwe premye match yo jedi 26 fevriye ki ap vini la a.
Nan lis Triana chwazi a, nou jwenn yon gwo fòs ki soti dirèkteman nan chanpyona nasyonal la. Sou 21 jwè ki konvoke yo, gen 14 ki ap jwe nan peyi a, pami yo 13 ap feraye nan premye divizyon an. Sa montre konfyans estaf teknik la genyen nan talan ki ap boujonnen lakay yo malgre difikilte yo.
Lis Konplè 21 Grenadye yo ak Klèb yo:
Gadyen (3):
1- Carlos Albertos Bre (Real Hope FA, Ayiti)
2- Guivenson Jean Philippe (Racing Gonaïves, Ayiti)
3- Clifford Géné (Mount Pleasant FA, Jamayik)
Defansè (7):
4- Leston Stanley Volcin (AS Capoise, Ayiti)
5- Oracio Marckidens Tanis (AS Capoise, Ayiti)
6- Dieuvens Kenson Resil (Mount Pleasant FA, Jamayik)
7- Mikenlove Jean Julles (Violette AC, Ayiti)
8- Arthur Alcimé (Real Hope FA, Ayiti)
9- Medinel Zamor (SLG Académie, Ayiti)
10- Xavier Jose Belot (Miami Rush, USA)
Mitan Teren (4):
11- Ramy Fabilus (Real Hope FA, Ayiti)
12- John Peter Charles (Real Hope FA, Ayiti)
13- Josué Stevenson Anglade (AS Capoise, Ayiti)
14- Miguel Joseph (Mount Pleasant FA, Jamayik)
Atakan (7):
15- Franco Célestin (Montego Bay, Jamayik)
16- Emerson Laissé (Mount Pleasant FA, Jamayik)
17- Clavens Exantus (Violette AC, Ayiti)
18- Nikolai Oliver Pierre (Orlando City SC, USA)
19- Elikenson Jean (Real Hope FA, Ayiti)
20- Will Amstrong Lecomte (Baltimore SC, Ayiti)
21- Kervens Romulus Junior (Racing Club Haïtien, Ayiti)
Eksperyans Koup Dimond U17 nan peyi Katar an 2025 la ap sèvi kòm poto mitan pou gwoup sa a. Sepandan, se te yon gwo sipriz pou anpil moun lè yo wè non jèn vedèt Aigle Noir AC la, Da-Benz Jacquet, pa parèt sou lis la. Pandan anpil moun t ap tann li, li p ap fè pati vwayaj la pou rezon teknik oswa taktik antrenè a chwazi.
Kalandriye Grenadye yo nan Kiraso (Gwoup D)
Ayiti pral nan yon batay san pran souf nan stad Rinaldo Jean Francisca pou yo fini premye nan gwoup la:
26 fevriye 2026: Ayiti vs Anguilla
28 fevriye 2026: Ayiti vs Saint-Vincent-et-les-Grenadines
2 mas 2026: Ayiti vs Guyana
4 mas 2026: Ayiti vs Curaçao (peyi k ap resevwa a)
Echojounal echojounal.net