Apre arestasyon òm dafè ayisyen an, Dimitri Vorbe ayè madi 23 septanm 2025 lan nan lakou peyi Etazini, otorite ameriken yo anonse depòtasyon mouche a e dezabiye li.
Selon otorite ameriken yo prezans mouche Dimitri Vorbe sou sòl yo a se yon gwo menas pou peyi Etazini, yo fè konnen mouche Vorbe te nan konivans ak bandi yo nan lakou peyi Dayiti, li te konn ba yo lajan e itilize yo nan fè move zak pou li, yo ale pi lwen pou di mouche a kontribiye nan mete peyi Dayiti kote li ye jodi a.
Nouvèl arestasyon mouche Vorbe la mete gwo kè kontan nan mitan popilasyon an espesyalman pitit ansyen prezidan Jovenel Moïse la, Joverlin Moïse ki pa pran tan nan yon twit, fè konnen li te pale nou Ti pa ti pa
https://x.com/joverleinmo/status/1970625469578883152?t=FOxEPpPM39KpTa5BFOvTZA&s=19
Echojounal echojounal.net