Nan yon desizyon ki tonbe tankou yon lapli fre nan mitan yon gwo chalè, Jij federal Ana C. Reyes pase yon lòd fòmèl pou bloke desizyon administrasyon Trump lan ki te vle mete fen nan Pwogram Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou moun peyi Dayiti. Desizyon sa a fòse Depatman Sekirite Enteryè (DHS) pwolonje validite kat travay ak estati plizyè santèn milye konpatriyòt ki te sipoze pèdi dwa yo depi 3 fevriye 2026.
Jij Reyes rann desizyon sa a apre plizyè òganizasyon defans dwa moun te pote plent, kote yo te agiman ke anilasyon TPS la pa te respekte pwosedi legal yo e li te baze sou rezon politik olye de reyalite ki genyen sou tèren an nan peyi Dayiti.
Tout dokiman otorizasyon travay (EAD) ki lye ak TPS Ayiti a rete valid pandan dosye a ap deba nan tribinal.
Sekirite legal: Benefisye yo pa kapab depòte pandan lòd sispansyon sa a an vigè.
Kritik sou gouvènman an: Jij la deklare ke fason administrasyon an te vle mete fen nan pwogram nan te parèt « abitrè », san yo pa konsidere danje ki genyen nan peyi Dayiti aktyèlman.
Depi anons anilasyon an te fin fèt, yon gwo tonton kè sote te anvayi fanmi ayisyen yo atravè tout Etazini, patikilyèman nan Florid, New York, ak Massachusetts. Anpil travayè te pè pèdi djòb yo, e anpil biznis te kòmanse enkyete pou anplwaye yo.
»Se yon gwo viktwa pou diyite nou, » deklarasyon yon lidè kominotè nan Little Haiti. « Lwa a montre ke yo pa ka voye moun nan lanfè san yo pa respekte prensip jistis yo. »
Malgre se yon gwo viktwa, ekspè nan kesyon imigrasyon yo avèti ke batay la poko fini nèt. Gouvènman federal la gen posiblite pou li fè apèl kont desizyon Jij Reyes la nan yon tribinal ki pi wo. Pou kounye a, kominote a gen yon souf, men avoka yo konseye tout moun pou yo rete vijilan epi kenbe dokiman yo an règ.
Depatman Sekirite Enteryè ta dwe pibliye nan jou ki ap vini yo yon avi ofisyèl nan Federal Register pou bay detay teknik sou fason patwon yo dwe rekonèt pwolonjman kat travay sa yo san yo pa mande nouvo dokiman imedyatman.
Echojounal echojounal.net