Entèlijans Atifisyèl (IA) se yon zouti modèn ki konnen gran esò li nan lane 2010 e se yon sistèm ki pèmèt machin aprann, reflechi, pran desizyon, e menm kreye, menm jan ak entèlijans moun.
Ogmante pwodiktivite ak diminye depans, bay bon èd pou pran desizyon gras ak analiz done, ofri plis pèsonalizasyon nan edikasyon, komès, ak lasante. Pouse inovasyon ak dekouvèt nan syans ak endistri, Ranfòse sekirite enfòmatik kont menas ekstèn li Ka lakòz tou anpil moun pèdi travay yo akoz otomatizasyon, ka pote biyè ak diskriminasyon nan algoritm yo, fè moun vin twò depandan, sa ki ka febli kapasite mantal .
Konsa tou li Poze gwo problèm sou kesyon etik ak vi prive sou done pèsonèl, mande gwo kout envestisman pou mete an plas, gen difikilte pou konprann nuans kiltirèl ak kontèks.
« IA » pote anpil benefis, men li genyen risk tou. Se poutèt sa, li bezwen yon bon jan kad legal ak etik pou sèvi sosyete a san danje.
Widmie Ange Labossiere.
Echojounal echojounal.net