Mach elektoral la sanble pati sou yon move pye. Alòske Konsèy Elektoral Prowizwa (KEP) anonse li tanmen pwosesis enskripsyon pati politik yo depi jodi lendi 2 mas 2026 la, yon gwo nyaj dout ap plane sou relasyon ant enstitisyon elektoral la ak biwo Premye Minis defakto a. Ant yon dekrè elektoral ki ap aplike ak yon « Pak Nasyonal » ki parèt kòm yon baryè, chirepit la nan nivo somè Leta a mete anpil dout sou dat 30 out 2026 la.
Yon Dyalòg soud ant CEP ak Primati
Dapre enfòmasyon ki soti nan jounal Le Nouvelliste, se yon veritab « maryaj fòse » san kominikasyon ki ap fèt la. Yon konseye nan CEP fè konnen ni Chèf Gouvènman an, ni siyatè Pak Nasyonal pou Estabilite a, pa janm kontakte Konsèy la apre yo fin siyen dokiman sa a. Poutan, Pak sa a ta gen ladan li plizyè pwen ki depatcha dekrè ak kalandriye KEP a deja etabli.
Keksyon anpil obsèvatè ap poze : Kòman yon eleksyon ka fèt si òganizatè yo (KEP) ak moun ki kenbe kès Leta a (Primati) pa pale menm lang?
Pati Politik yo : Ant konfli entèn ak kouri dèyè pòs
Nan mitan dezòd sa a, wòl pati politik yo vin pi flou. Plis pase 200 pati te reponn prezan nan rankont KEP a, men dèyè rido yo, reyalite a pi tris. Pandan lidè yo ap pale de « demokrasi », anpil nan yo nan gwo goumen anndan pwòp kan pa yo pou konnen kiyès k ap kòmande.
Sa ki pi grav la, anpil sous fè konnen plizyè nan lidè sa yo ap negosye anba chal ak Primati a pou yo ka jwenn pòs nan nouvo gouvènman k ap fòme a. Sa vle di, pandan y ap enskri pou eleksyon, y ap chache « djòb » nan pouvwa an plas la. Èske enterè yo se tout bon vre pou pèp la al nan vòt, osinon se yon estrateji pou yo rete nan klan pouvwa a san yo pa bezwen pase nan bwat balòt?
Sekirite ak Pwesyon Entènasyonal
Anbasadè peyi Kanada a pa te mete dlo nan bouch li pou li raple Premye Minis la ke « priyorite tranzisyon an » se pèmèt Ayisyen eli chèf yo nan transparans. Men, yon gwo defi rete kanpe tankou yon miray : Sekirite. San yon peyi ki estab, enskripsyon pati yo ak bèl diskou diplomatik yo ka tounen yon kout epe nan dlo.
Pou kounye a, se yon jwèt pokè ki ap jwe ant yon KEP ki ap prese, yon Primati ki ap kalkile, ak pati politik ki ap chache kote solèy la klere plis la. Pèp la, li menm, ap gade byen lwen pandan li ap mande si 30 out 2026 la se yon rèv oswa yon reyalite ki ap vini.
kredi foto: Vecteezee
Echojounal echojounal.net