Lemond/Jistis: Babekyou voye gwo mesaj bay FBI apre yo fin mete pil lajan atè pou mare li.

Lajistis amerikèn nan tèt kole ak FBI mete gwo lajan atè pou nenpòt moun ki ta ede yo mete men sou ansyen polisye Jimmy Cherisier ke tout moun konnen sou non Babekyou.

Otorite ameriken yo ale pi lwen jiska mete 5 milyon dola vèt disponib pou moun ki ta rive fè yo pran pòt pawòl an menm tan prezidan « Viv Ansanm » nan, Jimmy Cherisier.

Touswit apre anons sa, Jimmy Cherisier pa pran tan pou reponn, prezidan « viv ansanm » nan ke otorite ameriken yo kalifye de teworis ak tout gwoup li a nan yon videyo voye yon repons klè nan lang anglè bay FBI.

Mouche Babekyou fè konnen li pa gen pwoblèm pou li kolabore ak yo, li mande yo pou yo sispann bay manti sou Richardson Bazil, li fè konnen mesye a inosan e mesye a pa konn voye lajan ba li jan yo ta vle fè moun konprann nan.

Si pou anpil moun desizyon lajistis ameriken pran pou mare Babekyou a se ta arestasyon mouche Richardson, pou yon seri lòt se paske Babekyou menase chavire « konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout » yo ak tout gouvènman defakto a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Pnh: Nouvo DG PNH la anba gwo frap

Nan mwens ke 3 jou apre enstalasyon Jonas Vladimir Paraison kòm nouvo direktè jeneral lapolis …