Ministè Enteryè peyi Kiba anonse mèkredi 25 fevriye 2026 la, yon gwo ensidan ki rive nan dlo teritoryal zile a, kote gad kòt kiben yo te antre nan gwo goumen ak yon bato ki gen imatrikilasyon Florid. Bilan an lou: kat (4) moun mouri epi sis (6) lòt blese bò kote bato etranje a.
Dapre kominike ofisyèl otorite kiben yo pibliye, evènman sa a pase nan yon moman kote relasyon ant Kiba ak Lèzetazini anpil sou tansyon. Ministè a sèvi ak mo « atayan » (assaillants) pou dekri moun ki te abò bato a, sa ki montre jan sitiyasyon an te vyolan.
Kominike a presize kondisyon moun ki te nan konfwontasyon an:
* 4 moun mouri (moun ki te sou bato Florid la).
* 6 moun blese ki te resevwa swen medikal rapid apre otorite kiben yo te fin evakye yo.
* Kòmandan bato kiben an te blese tou pandan sakad sa a.
Pandan otorite kiben yo deklare yo te bay moun ki blese yo asistans medikal, ensidan sa a riske vin anpwazonnen plis toujou relasyon diplomatik ant La Habana ak Washington. Jiskaprezan, yo pa poko bay detay presiz sou rezon ki fè bato sa a te antre nan dlo Kiba yo, ni sou sa ki te lakòz tire a kòmanse.
Pou anpil obsèvatè, kalite ensidan sa yo souvan lye ak trafik moun oswa tantativ pou antre nan zile a san otorizasyon, men ankèt la ap gen pou detèmine sa ki te pase tout bon vre.
Echojounal echojounal.net