Ouragan « Viv Ansanm » nan frape Biwo santral ona ki chita kò li nan Dèlma 17 la jis nan zo, mank kominikasyon, enterè pèsonèl, move jesyon lakoz gwo frap sa e sa pa di anyen pou pèsòn.
Ona ki tradui nan lang franse « Office National d’assurance-Vieillesse », li se yon asirans pou tout moun ki ap travay e ki pral rive nan yon laj ki pap ka travay ankò jwenn yon pansyon ki pral ede li jere tèt li jiskaske li mouri, Ona bay plizyè lòt avantaj tankou prè sou kotizasyon, prè pou biznis.
Donk, si dirijan Ona yo te fè travay yo jan sa dwe fèt e respekte misyon yo, popilasyon an tap konnen enpòtans enstitisyon sa, yo tap pwoteje li menm si ouragan « Viv Ansanm » nan tap kraze tout bagay men yo tap pwoteje li, malerezman olye ekip kominikasyon enstitisyon sila itilize kanal yo pou fòme pèp la espesyalman asire yo, pansyonè yo, kotizan yo, yo prefere vann imaj direktè yo, fè elòj pou yo pou moutre yo yo ap travay. Ki travay?
Olye yo bay kontra piblisite yo ak medya ki ap fè edikasyon pèp la, yo prefere bay kontra ak ti zanmi yo ki, pa janm yon jou di popilasyon an ki enpòtans enstitisyon sa alevwa fè edikasyon moun yo.
Nan kesyon prè yo, nou ap pran 3 ladan yo ki se prè sou kotizasyon, prè pansyone yo ak prè pou moun ki ap fè biznis yo. Jan dirijan Ona yo jere prè sa yo san fòme moun yo lakoz devan je anpil kotizan, pansyone ke, enstitisyon an se yon bèt nwa ki ap vòlè lajan yo, paske lè ti ouvriye ki ap redi nan faktori yo fè yon ti demann prè li pa ka jwenn li, lè yon pansyone fè yon ti prè li pa ka jwenn li e yo ap tande nan radio gwo zotobre ap jwenn konbyen milyon nan mwens ke 2 jou, sa se youn nan pi gwo pwoblèm ki koz moun yo pa wè ONA byen.
Nan yon pwochen atik nou ap vini ak detay sou kesyon montan prè yo ak ki diferans ki genyen ant 3 prè sa yo.
Nan kesyon direktè yo, majorite direktè ki pase nan ONA yo pa metrize li vrèman, se politik ki toujou mete yo, lè yo vini yo vin travay pou sektè ki ba yo djòb la, yo bliye si gen anplwaye ki ap travay, pafwa yo fè nominasyon tèt anba, san sans, koz anplwaye yo oblije fè yon pil ti gwoup pou yo kapab jwenn pwomosyon. Sendika bliye wòl li.
Sa yo se kèk detay ki koz jodi a ouragan « viv ansanm » nan ravaje biwo santral Ona a ak anèks Ona ki nan zòn Shada nan plèn nan pèsòn moun pa bay sa enpòtans menm, asire yo ak pansyone yo.