Nan kè tout leta ki vle mache dwat, gen yon enstitisyon ki jwe yon wòl kòmandan nan jan lajan sikile ak jan lavi pèp la ye chak jou: se Ministè Komès ak Endistri. Byen souvan, moun panse se sèlman kontwole pri diri oswa lwil li fè, men misyon li ale pi lwen pase sa.
Youn nan premye travay Ministè Komès, se asire li ke sa moun ap achte nan mache a gen bon kalite epi pri yo pa monte tèt nèg san rezon. Se li ki la pou:
Kontwole pri yo: Evite machann pwofite sou sitiyasyon difisil pou peze kou malere.
Verifye kalite pwodwi: Asire li ke sa moun ap manje oswa itilize pa gen danje pou sante yo (dat ekspirasyon, ijyèn, elatriye).
Pwoteje konsomatè a: Sèvi kòm abit lè gen abi nan mache a.
Motè ki pouse pwodiksyon nasyonal la
Ministè a pa sèlman la pou sa ki ap vann, li la tou pou sa ki ap fèt anndan peyi a. Li gen responsablite pou li ankouraje endistri lokal yo. Lè yon ministè komès ap travay byen, li ede ti antrepriz yo grandi, li bay ankadreman teknik, epi li kreye anviwònman pou moun ka kreye travay.
Nan nivo entènasyonal, se Ministè Komès ki negosye ak lòt peyi. Se li ki deside ki pwodwi ki ap antre (enpòtasyon) ak ki sa nou ap vann lòt bò dlo (ekspòtasyon). Yon bon politik komèsyal pèmèt yon peyi vann pwodwi li pi byen nan mache mondyal la, sa ki fè lajan etranje antre nan kès leta.
Anfen, se nan biwo sa a tout biznis fèl fòmèl. Pou yon moun gen yon patant, yon kat idantifikasyon pwofesyonèl, oswa pou li anrejistre yon mak fabrik, se nan Ministè Komès pou li ale. Sa pèmèt leta konnen kilès ki ap fè biznis epi asire ke tout moun ap rann kont.
»Yon peyi ki pa gen yon Ministè Komès solid, se tankou yon machin ki pa gen volan. Ekonomi an ka pati nan tout sans, epi se malere ki ap toujou peye po kase a. » – Se pawòl yon ekspè nan ekonomi.
Echojounal echojounal.net