Depi douvan jou maten maten 24 fevriye 2026 la, vil Okap reveye ak dlo nan vant. Gwo lapli ki tonbe sou vil la lakòz gwo inondasyon ki paralize tout aktivite. Lekòl fèmen, komès bloke, ak lari a ki tounen veritab lakou dlo. Men, pi lwen pase kòlè lanati, se kòlè yon pèp ki ap moute kont otorite yo ki sanble abandone vil la nan fatra ak labou.
Depi Site Lesko rive nan ri 0, soti sou pon an pou rive nan katye vwayajè yo, se menm sèn nan : dlo anvayi kay moun, machin ap neye, epi malere ki ap debat pou sove sa yo kapab. Sa ki pi rèd la, se pa premye fwa sa rive. Chak fwa nyaj yo mare, kè tout kapwa sote paske yo konnen sa ki ap tann yo.
Pandan dlo ap devalize vil la, kesyon an ap poze : Kote otorite yo? ### Neglijans ki tounen yon krim
Sa fè plizyè mwa depi moun ap rele pou di kanal yo bouche ak fatra. Men, sanble nan zòrèy Leta, se dlo nan bwa. Pa gen okenn plan serye pou netwaye sistèm kanalizasyon yo, ni pou jere mòn yo ki ap depeple chak jou.
»Nou fatige! Chak fwa lapli tonbe, nou pèdi sa nou genyen. Otorite yo sèlman konnen fè bèl diskou, men lè pou yo travay pou evite dega sa yo, yo pa janm la, » se sa yon machann ki pèdi machandiz li nan mache a te deklare ak dlo nan je.
Li klè, inondasyon sa yo se pa sèlman koze lapli, se rezilta yon mank vizyon ak yon neglijans total bò kote moun ki gen responsablite pou jere vil la. Si anyen pa fèt pou kire kanal yo epi planifye vil la yon lòt jan, Okap ap kontinye nwaye chak fwa yon ti nyaj parèt.
Popilasyon an pa mande charite, yo mande pou lajan taks yo sèvi pou pwoteje lavi yo ak byen yo. Jodi madi a, Okap pa sèlman anba dlo, li anba pwa yon Leta ki pa fouti pran responsablite li.
Echojounal echojounal.net