Gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a fenk make yon pwen, men se pa nan batay kont ensekirite a. Pandan nasyon an te ap tann yon souf anba bal ak laterè, se yon lòt kout mas li resevwa: pri gaz la moute. San tranble, san gwo difikilte, otorite yo rive enpoze volonte yo sou yon popilasyon ki deja ajenou. Se yon viktwa klè pou gouvènman an, men se yon defèt kwizan pou malere ki ap chache kote pou yo kache.
Yon Leta ki fò sou moun fèb
Sa ki pi blesan nan desizyon sa a, se jan gouvènman an montre li gen « fòs » pou li jere chif nan biwo, men li tounen yon « pwa kòk » devan gang ki ap dechèpiye peyi a. Yo moute pri gaz la ak yon fasilite ki ap poze kesyon:
* Ki kote kouraj sa a pase lè se pou delivre moun ki ap kouri kite kay yo anba flanm dife nan Solino, nan Taba nan Plèn nan, oswa nan Latibonit?
* Poukisa Leta pa montre menm detèminasyon sa a pou li reprann kontwòl teritwa a?
Reyalite a tris: gouvènman an sanble pi enterese nan ranmase taks pase nan sove lavi moun. Pandan nou ap pale a, gen dè milye ayisyen ki ap dòmi nan lari, sou plas piblik, san okenn asistans, paske bandi chase yo lakay yo. Pou yo menm, gouvènman an pa gen plan, li pa gen bidjè, li pa gen vizyon.
Kòm si sa pa te ase, gouvènman an pouse radiyès la pi lwen lè li fikse pri transpò piblik la. Se yon bèl teyat! Ki jan yon Leta ka fikse pri vwayaj sou wout li pa kontwole?
* Pou ale nan Sid oswa nan Nò, se pa Leta ki mèt baryè a.
* Vrè « Ministè Transpò » a, se nèg ak zam yo ki sou wout nasyonal yo.
Pandan otorite yo ap ekri sikilè nan biwo klimatize nan Pòtoprens, chofè yo ak pasaje yo ap peye gwo lajan nan pòs peyaj bandi yo enstale chak de (2) mèt. Gouvènman an fikse pri pa li, men li bliye (oswa li fèmen je l) sou taks gang yo ap leve sou do pèp la.
Yon kesyon ki ap kwit: e si « Leta ak zam » nan ta deside moute pri pa li tou?
Isit la, nou tonbe nan yon lojik tèt anba. Si gouvènman an santi li gen dwa moute gaz la paske li bezwen lajan, kisa ki ap anpeche chèf gang yo deside moute pri « dwa de pasaj » yo tou?
Si Leta ofisyèl la moute pri gaz la san li pa bay sekirite, li bay Leta ak zam yo tout lejitimite pou yo moute tarif pa yo sou wout nasyonal yo.
Nan mitan de (2) fòs sa yo ki ap souse san pèp la, malere a tounen yon sitwon yo ap peze jiskaske grenn nan soti. Jodi a, gouvènman Fils-Aimé a montre aklè kote priyorite li ye: fè lajan antre nan kès, menmsi san pèp la ap koule nan lari. Yon viktwa sou yon pèp ki san defans, se pa yon viktwa, se yon trayizon.
Echojounal echojounal.net