Ayiti/Editoryal: Yon rido lafimen pou kache yon kout kouto nan do pèp la

Nan yon peyi kote grangou ap taye banda epi nwa fènwa ap vale lavni nou, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé sòti yon sikilè ki sanble bèl sou papye: koupe nan gaz, sispann achte machin nèf, redui vwayaj. Men, si nou fouye pi fon, nou ka wè klè se yon estrateji makyavelik. Mezi sa yo se pa vrèman yon volonte pou rasyonalize Leta, men se yon preteks byen monte pou prepare tèt pèp la pou yon sèl bagay: moute pri gaz la sou mache a.

‎Yon pyèj byen tise
‎Gouvènman an vle fè nou kwè li menm tou li ap « fè sakrifis« . Men, se yon lojik tèt anba. Lè yo ap pale de « koupe nan gaz pou ofisyèl », se yon fason pou yo di popilasyon an: « Si nou ap koupe pa nou an, ou menm tou ou dwe peye pi chè. » Se yon manipilasyon kote yo sèvi ak « osterite » pou jistifye yon kriz ekonomik yo ap vin rann pi lou sou do malere.

‎Kote vwa ki pou pale pou pèp la?
‎Nan moman sa a, gen yon silans ki bay kè plen.
‎ * Kote avoka pèp la? Moun ki te konn ap rele anmwe pou pi piti desizyon yo?
‎ * Kote medya yo? Poukisa anpil nan yo tounen senp « bwat lèt » ki ap repete nòt Primati a san yo pa poze vrè keksyon yo?
‎Gen gwo bri ki ap kouri nan koulwa pouvwa a sou koze koripsyon. Gen enfòmasyon ki fè kwè gen gwo lajan ki ap distribye anba tab pou achte silans sektè kle yo, pou soudwaye enfliyansè ak lidè opinyon pou yo fè popilasyon an aksepte grenn sèl sa a san griyen dan.

‎Poukisa se sou pri gaz gouvènman an mete tout enèji li?
‎ * Sekirite a kote? Gang kontinye ap pran teritwa, moun ap kouri kite kay yo, men sèl solisyon gouvènman an jwenn se « konte konbyen galon gaz yon direktè ap boule ».
‎ * Eleksyon yo kote? Tranzisyon an sanble ap pèdi nan yon labirent kote grangou ak lavi chè tounen sèl pwogram politik.

‎Nou pa dwe kite bèl mo « ekonomi » ak « transparans » avegle nou. Yon gouvènman ki pa ka bay sekirite, ki pa ka òganize eleksyon, men ki gen tan pou li ap prepare teren pou moute pri gaz pandan li ap distribye « anvlòp » pou fèmen bouch moun, se yon gouvènman ki vire do bay reyalite pèp la.

‎Mezi sa yo se yon maskarad. Pandan yo ap anonse yo pral sispann achte machin nèf, se pòch malere yo pral kontinye devalize nan ponp gaz yo. Vigilans se sèl zam nou rete.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Yon Viktwa sou Do Pèp la: Lè Leta tounen yon « Bandi Legal » nan Ponp Gaz

Gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a fenk make yon pwen, men se pa nan batay kont …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager