Rezo sosyal yo, yon kouto 2 bò nou dwe kenbe nan manch

Gras ak maji teknoloji a jounen jodi a kominikasyon gaye toupatou, tout moun konekte, nenpòt kote w ye depi w gen entènèt ou ka jwenn pwent lemond. Rezo sosyal yo vin foure bouch nan koze a, yo ofri anpil fason– senp pou moun kominike, menm si w pa t li nan gwo liv ou ka itilize yo. Sa k pi alamòd yo se facebook, whatsapp, twitter, imo…

Se yon seri rezo  ki pèmèt moun kominike rapid epi kreye zanmitay nan tout rakwen. Yo bay posiblite pou pataje foto, videyo, mesaj, atik elatriye. Rezo sosyal yo fasilite travay pwofesyonèl ki nan domèn kominikasyon yo, enfòmasyon yo ale rapid, deplasman konn pa enpòtan ankò, kote w ye a ou ka fè tout zafè w kòmsadwa. Tout sa yo se yon seri avantaj rezo sosyal charye dèyè sitou pou moun ki itilize yo pou avanse nan fè reyalize bon bagay.

Rezo sosyal yo pandan yo bay gwo posiblite sa yo, yo trennen dèyè yo -sitou ak moun ki itilize yo mal, oubyen ki itilize yo pou fè mechanste- anpil move bagay. An reyalite, se yon kouto 2 bo. Yon latriye fenomèn kolboso, machòkèt, degrenn goch makònen ak rezo sosyal yo.

Jounen jodi a prèske pa gen lavi prive ankò, tout sa k ap boulvèse yon moun li mete l sou entènèt, li mete sou paj facebook li, sou « statut » whatsapp li elatriye. Eske w blije afiche lavi prive w kote yon latriye moun ap ri nan malè w ?  Nou panse konpòtman sa yo pa itil moun ki    fè l yo anyen, nou plis panse se demounize y ap demounize tèt yo chak fwa pi plis, epi pèmèt moun konn feblès yo.

Gen moun ki itilize rezo sosyal tou pou denigre moun, fè yo pote chay ki twò lou pou tèt yo. Kanta pou koze pònografi a l ap taye banda sou divès fòm sou rezo sosyal yo, lè se pa videyo aktè pòno pwofesyonèl, se jenn fanm ak jenn gason ki lage videyo pa yo osnon videyo lòt zanmi sou entènèt la kote manch pilon ap tonbe byen di nan fant janm Ti Mafi.

Mesyedam, sispann afiche mounite nou konsa, panse itilize rezo sosyal yo pou fè sa ki bon, pou nou pataje eksperyans ki konsekan, kominike yon lòt fason. Lè gen yon moun ki gen difikilte olye nou fè videyo pou poste ede l pito. Medam sispann itilize kò nou, toutouni nou, pou fè granlizè, pou fè moun konnen nou ; mesye sispann joure fanm, lage videyo toutouni yo voye bannou an prive sou rezo yo, itilize vizaj yo ak kò pou mete pyèj pou moun.

Rezo sosyal yo bay posiblite bab ak moustach, kidonk ann itilize yo pou fè kichòy k ap ede nou monte yon lòt mach nan lavi nou epi ede sosyete nou vanse.

MED
dorvelus812@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …