Fondation Dr Louis G. LAMOTHE Yon Nouvo Prentan

Enfo: Fondation Dr Louis G. LAMOTHE selebre samdi 24 fevriye 2018 la dezyèm ane egzistans li nan Petyovil,lokal Jojo restoran ki trouvel nan  Avni panamerikèn . Se te nan yon anbyans fratènite ak yon moman retwouvay seremoni an te dewoule.

Nan okazyon dezyèm ane Fondasyon sila, yon gala byenfezans ak yon raf te òganize pou jwenn lajan ki pral ogmante mwayen pou reskonstwi vilaj Panyòl nan Komin Kenskòf. Yon komemorasyon ki te benefisye prezans prezidan repiblik la Jovenel Moise, premye minis la Jack Guy Lafontant, Prezidan sena Joseph Lambert, prezidan chanm depite a Gary Bodeau, plizyè minis ak ansyen minis, direktè jeneral ak plizyè anbasadè tankou: anbasadè peyi Chili Meksik, èspay ak san konte plizyè ofisyèl nan gouvènman ayisyen ak kolaboratè Ansyen premye minis Laurent S. LAMOTHE.

Nan diskou sikonstans li,Ansyen Chèf gouvèman Laurent Lamothe pat kache kontantman l pou reyisit sware sa ki te mete a klè objektif Fondasyon Dr.Louis G. LAMOTHE,Pèspektiv li ak lavi Doktè a. Se te okazyon tou pou Laurent LAMOTHE te prezidan bilan aktivite Fondasyon an deja reyalize nan PANYOl komin Kenskòf ak nan Vilaj pechè Ansdiklè nan depatman grandans kote yo deja konstwi lekòl pou timoun yo ak plis pase yon kenzèn kay pou abitan yo ,mete kouran gras ak enèji solè epi fè wout pou soulaje peyizan yo.

Mesye LAMOTHE te pwofite remèsye tout sponsò ki akonpayel nan travay fondasyon an pandan l envite lòt moun ki gen volonte vin met men nan pat la pou kontinye fe devlopman nan 2 premye zòn sa kise nan « PANYÒL ak ANSDIKLÈ ».

 

 

Kredi foto: Radio Tele Ginen

 

 

 

Kredi foto: Radio Tele Ginen

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …