ZEN FOUTBOL

Spò pi lwen lakay: José Mourinho pap chome padan mondan mondyal 2018 la, Pòtigè a jwenn yon kontra 4 jou nan chèn RT nan peyi Lawisi kote mondyal la pral dewoule nan mwa jwenn kap vini la, antrenè Manchester United la pral gen pou fè kòmantè sou match yo, lap gen poul touche 475 000 ewo pandan chak grenn jou yo.

 

Selon jounal Le Parisien atakan irigweyen an Edison Cavany pa alèz nan ekip PSG a, atakan an pa deside rete nan club la el deja prè pou fè valiz e trouve yon lòt club.

 

Selon la près nan peyi nan Angletè Harry Kane deside pase yon lòt ane nan ekip Tottenham nan, anglè a ke ekip Real Madrid la gen je sou li kèk tan pwomèt dirijan SPURS yo lap rete, anglè poze kondisyon pou club la pran anpil tit.

 

Selon jounal AS, Paris Saint Germain ta pwopoze pou kite Brezilyen an ale pou yon montan 400 milyon, nap raple Breziliyen te rejwenn club fransè a pou 222 milyon, drijan PSG yo ta renmen fè yon bon benefis sou pi gwo acha ke yo te fè nan foutbòl la toujou selon AS

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …