Travay konstriksyon wout Kafou Jòf – Ansafolè ap vanse

Pòtoprens, Mardi 20 mas 2018 Travay konstriksyon wout Kafou Jòf-Ansafolè a ap vanse. Depi lè Prezidan Repiblik la, Ekselans Jovenel Moïse te fin pase enstriksyon pou derape travay yo, nan fen ane 2017 la, teknisyen TPTC yo, ap travay san kanpe, pou rive fasilite sikilasyon moun ak byen, sou twonson sa ,ki te reprezante yon kalvè pou moun nan rejyon an, espesyalman moun ki abitye fè trajè Pòdepè-Pòtoprens lan.

Soti mwa desanm pou rive jodi a, yo deja depoze asfalt sou anviwon 10 kilomèt, ranblè ap mete, terasman ap prepare, devyasyon ap fèt. Soti nan 4.9 kilomèt ( kafou Jòf) pou rive nan 16 kilomèt la ( Preske anba mòn Lakrèt), teknisyen TPTC yo ap devye wout la. Nan lide pou evite kotel te pase avan an, ki se yon zòn kote dlo konn chita, nan sousi pou remèt popilasyon an yon travay kap dire pi lontan.

Wout ak Kouran se 2 eleman ki pa ka pa la, nan tout peyi ki vle tout bon vre, pran ray devlopman. Konstriksyon wout Kafou Jòf- Ansafolè a, rantre nan kad vizyon Chèf Leta a, pou retounen pouvwa a bay popilasyon an, sou fòm sèvis, epi kreye kondisyon pou moun vin envesti nan zòn Gwomòn ak nan tout depatman Nòdwès la, ki se sèl depatman nan peyi a ki pa gen menm yon sèl kilomèt wout asfalte.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …