DEMISYON AK REVOKASYON ANTRENE NAN CHANPYONA NASYONAL LA.

Apre Selman sis (6) jounen nan chanpyona nasyonal premye divizyon an plizyè klèb  trouve yo nan gwo difikilte, move rezilta ak manke mwayen lakoz kèk antrenè mache pòs yo e kèk antrenè pèdi djòb yo.

Ekip FC Akayè a ki apèn moute nan premye divizyon, trouvel nan 8tyèm plas la ak 8 pwen pou 6 jounen jwe, voye antrenè yo a Jean Hubert Anglade ale. Selon enfo nou rive jwenn nan koulwa ekip FC Akayè a Kenel Thomas  ta dwe nouvo antrenè yo.

Vis prezidan ekip Kavali a Gary Joseph  konfime enfòmasyon ki te anonse ke Jean Renaud Abellard bay vag nan tèt cheval wouj la, Ronald Lambert se moun ki gen ekip la nan menl pou moman sa yo. Ekip Kavali a klase an dizyèm pozisyon.

Dieu-Seul Auguste ki te vin ranplase Sonche Pierre nan tèt ekip Real Hope la fè valiz li e fè yon kraze kite sa, selon antrenè a dezisyon sa nan enterè ekip la. Real Hope gen 6 pwen e li okipe douzyèm plas la.

ASSE bò kote pal anonse yon komisyon ki gen nan tèt li Sony Diolo, Jean Erick ak Bassant Benedithe pou mennen ekip la apre Andrice Wilner pran desizyon kite klèb la ak tout staff li. ASSE gen sèlman 3 pwen pou katòzyèm plas la.

Setyèm joune a ap gen pou jwe wikenn sa.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …