DE JOUNALIS ASASINEN NAN PEYI EKWATÈ AK TOUT CHOFÈ YO.

Prezidan ekwatoryen an Lenin Moreno konfime vandredi 13 avril 2018 lan, lanmò 2 jounalis epi chofè  yo.

El comercio , yo pranl 26 mas 2018 pandan yon repòtaj nan fwontyè avèk kolonbi.

Bri lanmò 3 anplwaye El comercio ogmante depi jedi 12 avril 2018 lan. Prezidan ekwatoryen an te menm kite byen vit lima, kotel te dwe patisipe nan somè amerik yo, poul rantre kito.

Nan yon deklarasyon ak laprès vandredi 13 avril 2018 la, Lenin Moreno konfime ke peyi a antye krent << Malerezman, enfòmasyon ke yo konfime ansasinay konpatriyòt yo >> , li anonse, avèk vwal koupe an plizyè moso ak emosyon.

Repòtè Javier Ortega, fotograf Paul Rivas epi chofè yo Efrain Segarra te kidnape 26 mas 2018 pase alòske yo tal fè yon repòtaj nan lokalite ekwatoryen mataj, limitwòf kolonbi. Soupson yo te pote sou disidan ansyen gerila konlonbyen fak yo.

Premye ak dènye prèv vi yo te yon videyo ke yo te bay ak laprès kolonbyen an 3 avril 2018. Pandan 23 segond , jounalis Javier Ortega, 32 lane, fotograf Paul Rivas, 45 lane epi chofè yo Efrain Segarra, 60 lane, parèt anchennen nan kou.
Kondisyon ravisè yo pou rann yo <<sen epi sof>> se liberasyon 3 prizonye nan ekwatè ak fen koperasyon antiteworis peyi sa ak kolonbi, esplike youn nan yo nan videyo sa.

Gouvènman ekwatoryen an te fè konnen kel te nan negosiyasyon avèk ravisè yo, san bay plis presizyon.

Jedi ki te 12 avril 2018 lan , kèk foto te remèt ak medya kolonbyen RCN.
Sou foto sa yo, youn nan otaj yo te ekzekite a te parèt klè .

Prezidan ekwatoryen an te bay yon dèle ak ravisè yo, li oblije yo pwouve ke otaj yo ap viv toujou. Nan absans repons pozitif, Lenin Moreno te pwomèt poul aji
<< avèk pi gwo fèmte >> pou <<pini moun sa yo>>.
Vandredi 13 avril 2018 la , prezidan an met menas li a an ekzekisyon , li anonse kel lanse aksyon << militè ak polisye>> nan fwontyè ak kolonbi.

<<Nou te lanse operasyon militè ak polisye yo ki te sispann nan zòn fwontalye a epi nou deside deplwayaj rapid inite elit fòs lame yo ak lapolis nasyonal nan zòn sa>> kel deklare.

Ekzekisyon ekip repòtaj El comercio a se evènman ki pi dramatik de yon vyolans san limit ki sekwe depi janvye 2018 nan fwontyè ekwatè.

Zòn sa kote disidan ansyen gerila fak yo te tounen teyat yon seri atak kont militè ekwatoryen yo.
3 sòlda te mouri, 43 sivil ak militè te blese.

 

 

 

ridorelisa10@Gmail.com

+Lisa Ridoré

509)4498-77-60

 

KREDI FOTO: FRANCE CULTURE.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …