LA PREZIDANS REYAJI SOU DISPARISYON VLADJIMIR LEGAGNEUR.

Pòt pawòl laprezidans lan Lucien Jura fè konnen nan yon konferans pou laprès mèkredi 11 avril 2018 lan ke youn nan sijè ki fè pale de li anpil lan se disparisyon jounalis konfrè li Vladjimir Legagneur.

Daprè Lucien Jura nan nivo laprès gen anpil kòmantè ki fèt , epi anpil nan nou menm jounalis , menm  kèk manb nan sosyete a ki pat santi yo konfòtab te deplore, kondane epi swete ke syans ak tout sa yo genyen kòm espètiz pouke limyè fèt pi rapid ke posib sou kesyon sa.

<< nan nivo lapresidans menm yon jou pat pase sanke jiska dat map pale a ke ekselans Jovenel Moïse pat nan kominikasyon avèk otorite lapolis yo epi jidisyè yo >>

<< pa bliye nap pale de disparisyon yon jenn, men nap pale de disparisyon yon manb nan sektè laprès la tou. Laprès ki jwe yon wòl kapital nan batay pougen demokrasi jodia, nan batay pougen leta dwa a,  san laprès sosyete a ap manke yon gwo moso epi lap panche yon bò>> avwe Lucien Jura.

Selon pòt pawòl la laprès se trè linyon nan tèm kominikasyon kidonk  diparisyon yon jounalis pa ta ka kite chèf leta a ensensib, endiferan.

 

 

Steeve Ridoré

ridoresteeve@Gmail.com

3178-98-79

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …