ARSENE WENGER DESIDE BAY VAG NAN TET EKIP ARSENAL.

Antrenè fransè a Arsène Wenger deside fè yon kraze kite sa  nan tèt ekip Arsenal la ke lap mennen depi nan lane 1996.

Arsène Wenger ki gen 68 lane sou tèt li, pase 22 lane sou ban ekip Arsenal la. Fransè a ranpòte 3 fwa chanpyona angle a (1998,2002,2004), li gen 7 FA Cup, 7 community Shield epi yon kalifikasyon pou lig dè chanpyon pandan 20 sezon.

Antrenè fransè a ki nan demi final ewopa lig pou dènye sezonl, vize ranpòtel e kite klèb angle ak premye tit li nan konpetisyon sa.

 

 

KREDI FOTO: Sky News

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …