GWO PWOBLÈM NAN PEYI NIKARAGWA LAKOZ TOUT DELEGASYON ETRANJE KAP PATISIPE NAN PREMONDYAL LA OBLIJE MET VAN NAN ZÈL YO.

Federasyon ayisyen foutbòl la prese enfòme ke swit ak vyolans grav yo kap sekwe Nikaragwa a tounwa a te sispann byen vit; yo te mande a tout delegasyon etranje kap patisite nan premondyal FIFA/CONCACAF la pou yo pran tout dispozisyon pou kite peyi sa byen rapid.

FHF anfas sitiyasyon sa sanble pèdi kontwòl sa kap pase a, yo te enfòme dabò otorite ayisyen yo ki ap enkyete yo de pwoblèm sila; Prezidan repiblik la , ekselans Jovenel Moïse pa mwayen chèf kabinèl lan, Wilson Laleau , te ofri pou met nan dispozisyon yo yon avyon pou soti yo nan peyi sa, men yap tann konsiy CONCACAF la epi dispozisyon sekirite pou sikile nan vil barikade sa, anplis wout yo danje anpil fòk yo ta gen yon gwoup ki pou ba yo sekirite pou yo ka kite otèl la pou al nan ayopò a.

Delegasyon an ap tann enstriksyon CONCACAF la ki te mande ak delegasyon yo pou kite peyi sa rapib avan lendi ke yo prevwa kap yon jou konplike anpil.

Sekretè jeneral FHF la, Carlo Marcelin ki te fè pati gwoup teknisyen yo ki tap sipèvize tounwa a te kite Managwa nan premye gwoup ki te evakye a sa gen kèk minit.

Pou kounya jèn yo byen, yap tann ak laperèz nan otèl Hilton Princess Managwa .

FHF remèsye gouvènman peyi nou an pou asistans yo ofri, yo remèsye chak konpatriyòt ki esprime solidarite ak senpati yo; Yo vle rasire yo ke yo byen , yap tann pou kite peyi a.

FHF pa an mezi pou prononse sou debouche tounwa a akoz konsèy konsèy CONCACAF la poko pran kèk desizyon epi sa ka pran anpil tan.

Delegasyon ayisyen an konpoze de 28 moun , swa 21 jwè , yon dirijan , yon jounalis ak 5 kad teknik ; nan Managwa men nan yon lòt otèl ki menm kote a, ak kèk paran ki vini tou pou sipòte pitit yo.

FHF kominikasyon , 22 avril 2018

Lisa RIDORÉ
ridorelisa10@Gmail.com
+(509)4498-77-60

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …