CEREH FÈ YON MACH AYÈ NAN KAPITAL LA POU MANDE OTORITE NAN EDIKASYON YO PRAN RESPONSABILITE YO.

« Organisation Collectif des Edicateurs pour le Renouveau de l’éducation en Haïti » ( CEREH), kigen nan tèt li :(Mesac SAINTIL kòdonatè ,Hans MISÈRE sekretè jeneral, Boisrond FESNEL pòt pawòl, Gadens CLERGÉ Delege)òganize yon mach ayè madi 24 Avril 2018 la ,a 10 nan maten sòti Depi delma 75 piwo anbasad kanada a pou tal bout delma 83 devan ministère edikasyon nasyonal la pou egjije Leta a pou pran responsablite’l.

Vès, malèt, valiz, kòl tout koulè. Machin mizik ,mikwo ,danse ,men anlè ak siflèt nan bouch defile nan lari pòtoprens espesyalman nan komin dèlma plizyè direktè ak direktris lekòl prive soti nan 4 kwen peyi papa Desalin lan, manifeste pou Prezidan Repiblik Dayiti Jovenel Moïse mete yon bon nouvo sistèm edikatif.

Yo te anviwon yon santèn direktè ak direktris kinan òganizasyon « Collectif des Éducateurs pour le Renouveau de l’Education en Haïti » ( CEREH) ak Association des Ecoles Prive du Nord (AEPN) mande otorite yo respekte angajman li yo. Épi mesye dam sila yo di: »Mesye Agénor ap woule yo 2 bò pou pa peye lajan PSUGO a pandan entènasyonal la ap grennen lajan vèt pou sistèm edikatif ayisyen an fonksyone byen ».Manifestan yo t’ ap lage tout sòt pwopo tankou: atoufè, moun loray kale ,granmanjè ak divès lòt devan lokal ministè Edikasyon nasyonal la ki nan Dèlma 83 a aprè yon long pakou.

Colektif la fini konsa poul di: Selon konstitisyon1996 nan atik 32;2.1ak 32.2 Leta dwe garanti pou tout timoun al lekòl gratis.

 

 

Jean Gardy CELESTIN
Tel:4777-7958

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …