REAL MADRID TOUCHE TE PEYI ALLEMAGNE POU DEMI FINAL ALE NAN LEAGUE DES CHAMPONS AN

Club madrilèn nan deja nan peyi Almay yè madi 24 Avril 2018 la pou dispite demi final match ale nan lig dè Chanpyon  fas club almand lan, Bayern de Munich, ki gen pou fet jodi  Mekredi a nan le Erop la a 20h 45 nan stad Allianz Arena  ki trouvel nan nò Munich ak yon kapasite de 75 000 moun.

Antrenè Real  Madrid la, Zinedine Zidane asire vijilans li kote li convoke tout efektif club la,24 jwè konsa  pou al defann rankont sila.

Nan kaj la :  Navas, Casilla, e Luca

Nan defans lan : Ramos, Varane, Marcelo, Carvajal, Nacho, Vallejo, Theo e Achraf

Nan mitan teren an : Kroos, Modrich, Casemiro, Llorente, Asensio, Iso, Kovacic e Ceballos

Nan atak la: Ronaldo, Benzema, Bale, Vasquez e Mayoral.

Anpil komantè ap fèt sou potansyalite sipesta Madrilèn nan Cristiano Ronaldo ki se prensipal pyon klèb la e meye bitè istwa UEFA Champions League la,genyen poul pèmèt a ekip li triyonfe. San nou pa neglije yon lot bo konbativite Lewandowski ki se atankan vedet club Almand lan ki a nenpot moman ka rann tach la konplike pou Blanch yo.

Malgre  sou senk (5) denye afrontman (2) de club sila yo se Real ki domine, men rankont sa rete yon sipriz pou sipotè ak lapres pwiske nou pa doute de kapasite(2) de ekip sila yo, ki genyen anpil eleman ki ka pote danje a nenpot moman.

 

 

pradel Simeon24@gmail.com

(509) 44363396

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …