VIKTWA REAL MADRID APRE 90 MINIT SOUFRANS SOU EKIP BAYERN MUNICH LAN.

Pyès moun pat kwè ke Real tap rive rache viktwa 2 a 1 avek yon gòl de Marcelo e youn de Asensio fas club alman an, Bayern ki te lakay li pwiske madrilèn yo te konnen tout move maman pandan rankont sila jounen Mèkredi 25 Avril 2018 la,kote alman yo nan kòmansman te bay lenpresyon yap mete do advèsè a atè

 

 

Se te yon rankont ki te veyatif anpil de de (2) ekip eksperimante nan zafè league des champions,yon lòt bò ki te jwe avek anpil fizik kote plizyè jwè te rive kite teren akòz blese ki ta pral oblije antrenè yo sitou Jupp Heynckes fè anpil chanjman taktik.

 

Malgre yo pèdi lakay yo 2 a 1, club alman an pa pèdi lespwa. Kèk jwè ak antrenè a ta fè kwè nan mikro laprès, yo pral prepare pou match tounen an kap fèt Madi 01 Me lakay Real Madrid nan Bernabeu a pou rache kalifikasyon final league des champions ane 2018 la

 

pradelsimeon24@gmail.com

 

(509) 44363396

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …