Prezidan Jovenel Moïse patisipe nan yon dejene-deba sou lit kont koripsyon ayè vandredi a nan sant konvansyon bank repiblik dayiti

Prezidan repiblik la, ekselans Jovenel Moïse ,  patisipe ayè vandredi 28 avril 2018 la nan sant konvansyon bank repiblik dayiti a nan yon dejene-deba sou tèm lit kont kont koripsyon.

Aktivite sa te dewoule sou tèm<<Pou yon patenarya piblik-prive pou lite byen kont koripsyon>> rantre nan vizyon chèf leta a pou jwenn kèk solisyon fas ak pwoblèm peyi a.

Primati repiblik dayiti, Chanm komès ak endistri dayiti, fowòm ekonomik sektè prive a ak inite lit kont koripsyon an te prensipal aktè ki te patisipe nan deba sila ki te gen pou bi , idantifye pis solisyon fyab pou elimine fleyo koripsyon sa epi relanse peyi a sou chimen progrè ak modènite.

Plizyè sijè enterè majè ki te nan sant aktivite sa tankou mezi konfòm pou prevni koripsyon an nan sektè prive a ak anje kontrebann lan te pèmèt moun ki te patisipe yo espoze preyokipasyon yo epi fè rekòmandasyon ak konsiy nan yon memorandòm antant ki dwe ede epi mennen kèk aksyon efikas kont koripsyon.

Pou direktè jeneral inite lit kont koripsyon an,

David Basile<<Kontrebann nan se yon fleyo mondial ki gen divès enplikasyon ki afekte ekonomi nasyonal la: se pa sèlman sa , li antrene kèk domaj ak plizyè dizèn milya goud chak lane , men li alimante tou trafik epi reprezante nan li menm yon aktivite kriminèl ki ka akonpanye lòt. Rezo kriminèl ki mete sou plas ka kontribiye nan finansman teworis epi trafik zam. Jodia , nan inite lit kont koripsyon an nou konsidere kontrebann lan tankou yon pati nan yon ansanm ki pi laj , se pou sa nou vle enplike tout sosyete a nan demach sa>>.

Pou prezidan repiblik la, ekselans Jovenel Moïse « demach sa postile ke tout moun ansanm , nou pran konsyans ke nou kapab kontinye fè nenpòt bagay. Li sipoze yon ogmantasyon nanm ki rele nou ak responsablite nou, tout moun ak chak grenn endividyèl, devan degradasyon kondisyon vi jeneral popilasyon an. Li repoze sou dyalòg fran epi sensè, sak sipoze volonte komen pou abouti ak yon solisyon akseptab nan ansanm pati ki pèmèt pwogrè ansanm nan pou byen kolektivite a, tout moun otan ke nou ye ».

Dejene-deba a konstitiye yon gran premye nan anal listwa peyi a temwanye volonte prezidan Jovenel Moïse pou elimine koripsyon ki reprezante yon obstak majè nan pwojè devlopman peyi a.

 

Lisa RIDORÉ

ridorelisa10@Gmail.com

+(509)4498-77-60

 

KREDI FOTO: MINISTÈ KOMINIKASYON

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …