Andrés Iniesta anonse nan yon konferans pou la près ke lap kite ekip FC Barcelone nan.

Apre 20 lane pase nan katalòn ak 26 sezon aliyen ak 31 tit(32 nan ka tit chanpyon despay) avèk klèb li , Andrés Iniesta , mitik mitan teren FC Barcelone nan,  anonse depal vandredi 27 avril la pandan yon konferans pou laprès, gòj sere epi vizaj li make lapenn. Deklarasyon sa mete fen ak yon sispenn ki te ajite medya yo ak sipòtè klèb katalan an depi plizyè semèn.
<<Se yon desizyon ki byn reflechi. Apre 22 lane isi an, mwen konnen kisa sa vle di jwè ekip sila, pi bon nan mond lan. Mwen vle remèsye klèb la epi lamasya paske sim konsa antanke jwè epi antanke moun, se an gran pati gras ak yo >> deklare Andrés Iniesta .

Lisa RIDORÉ
ridorelisa10@Gmail.com
+(509)4498-77-60

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …