Patron FIFA a Gianni Infantino fè konnen jodi jedi 3 me 2018 ke tout bagay gentan pare nan peyi Lawisi pou koup dimond lan.
Patron FIFA a remèsye prezidan peyi Lawisi Vladimir Poutine pou travay ke li fè pou koup dimond sa soti youn nan mèye koup dimond de listwa.
Prezidan Lawisi a bò kote pal fè konnen koud dimond sa kap fèt lakay li jou kap 14 jwen pou rive 15 jiyè 2018 se pral meyè a e lap fèt nan piwo nivo.
Se pou premye fwa peyi Lawisi ap òganize yon koup dimond. Selon eskpè FIFA yo jan preparasyon mondyal la fèt nan peyi Lawisi a se yon gwo viktwa pou yon peyi kap òganize mondyal pou la premyè fwa.
kredi foto: Foot01