Sityasyon an ta vle parèt difisil pou prezidan ameriken an.

Eto a resere alantou Donald Trump. Plizyè nan pwòch li yo te met an koz nan ankèt pwokirè espesyal la Robert Mueller, chaje pou etabli lyen ant « Russie » epi ekip kanpay Donald Trump lan, nan lane 2016.
Men prezidan ameriken an kontinye pale de koze chas sòsyè yo. Sil pa fè okenn jès poul rankontre pwokirè Mueller an dousè, li gen tout chans poul parèt devan yon jij. Se antouka menas ke pwokirè te fè , revele « Washington Post » mèkredi 2 me 2018 la.

Sa fè kèk mwa ke Robert Mueller jwe wòl chat epi Donald Trump wòl sourit. Pwokirè a vle tande prezidan ameriken an. Sil pase nan estad siperyè epil bay yon asiyasyon poul parèt, yo ka rantre nan yon batay jiridik ki long.

Yon pwokirè espesyal ka konvoke prezidan etazini an devan yon gwo jiri ? Sa lwen poul jwenn men poutan gen yon presedan . Bill Clinton te asinye poul parèt nan lane 1998 nan zafè Lewinsky men pwosedi a pat janm ale nan bout li pwiske, do nan mi, Bill Clinton te chwazi temwanye. Li te pote volontè sak te leve asinyasyon an . Pyès moun pa konnen, nan ka rekou, kòman kou siprèm nan ap pozisyonel.

Answit , avoka Donald Trump yo gen yon agiman ki solid , sa yo rele nan etazini privilèj egzekitif la. Se yon nosyon ki pa nan konstitisyon an men ki pwoteje prezidan an. Se tankou rezon deta , ki pèmèt li poul pa divilge kèk enfòmasyon nan kongrè oubyen devan lajistis.

Zouti sa ansyen anpil, el te envoke pa plizyè prezidan tankou George Washington, nan lane 1792 , Barack Obama nan lane 2012. Nan tout evidans, yo lwen pou wè Donald Trump reponn kesyon pwokirè Mueller yo.

Depa avoka Trump nan chaj afè a.

Ekip defans prezidan an touche pa yon nouvo rezilta . Avoka ki tap defann prezidan an nan kad zafè enjerans ris yo kite « Maison Blanche ».

Ofisyèlman, Ty Cobb pati senpleman pou pran retrèt li, epi pòt pawòl « Maison Blanche » lan te salye nan li yon<<zanmi prezidan an ki akonpli yon travay fòmidab>>.Men depal revele yon chanjman kap nan estrateji defans prezidans lan, analize Anne Corpet.

Ty Cobb te toujou prekonize yon koperasyon plen ak ekip pwokirè espesyal la el te Sinyale kel patap rete nan ekip Donald Trump lan sil ta debarasel ak Robert Mueller. Yon seri « Tweets » redije mèkredi a , prezidan an raple kel gen pouvwa poul destitiye kèk nan fonksyon yo nenpòt li vle epil menase poul itilizel.

Emmet Flood ki pral ranplase Ty Cobb te fè pati ekip avoka ki te defann Bill Clinton lè pwosedi destitisyon an ki te angaje kont li nan kòmansman lane 90. Emmet Flood dwe byen rapid pwononse sou yon kesyon krisyal: Prezidan an dwe oubyn pa dwe aksepte reponn ak kesyon pwokirè Mueller yo.

Egzèsis sa te jije gen danje akoz pwopansyon prezidan an poul elwanye verite. Men li refize fè fas ak fas konpòte tou yon ris: kotel ka wè pwokirè a adrese yon asinyasyon fòmèl ak Donald Trump.

Lisa RIDORÉ
ridorelisa10@Gmail.com
+(509)4498-77-60

 

 

kredi foto: twitter.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …