Liverpool rive kalifye pou final lig dè chanpyon an malgre yo pèdi

Spò pi lwen lakay: Liverpool kalifye pou  final lig dè chanpyon an malgre yo pèdi kay ekip Roma (4-2).

Klèb anglè ta pral make premye gòl la nan nevyèm (9e) minit pa Sadio Mane, Roma ta pral egalize nan kenzyèm (15e) minit pa james miller ki ta pral make kont kanl,Georginio ta pral make yon dezyèm gòl pou Liverpool nan (25e) minit, Edin Dzeko ta pral egalize pou Roma nan (52e) epi  Radja Nainggolan ta pral agrave skò a kote li ta pral make yon double (86 ak 94e) e mete match la (4-2). Match ale a te fini an favè klèb angle a (5-2).

Liverpool deja ranpòte lig dè chanpyon an 5 fwa deja pou 7 final li jwe, randevou klase pou peyi Ikrèn jou kap 26 me a kote Liverpool pral rankontre ak ekip Real Madrid la pou gran final la.

 

 

KREDI FOTO: Sofoo

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …