SINGAPOU JWENN BENEDIKSYON PREZIDAN AMERIKEN AN AK PREZIDAN KORE DINÒ A POU YON RANKONT ISTORIK ANT DE PREZIDAN YO.

Somè ant Kim Jong-un nan ak Donald Trump ap fèt 12 jen « Singapour ». Prezidan ameriken an anonsel kèk è aprel te fin akeyi twa detni ki libere nan ayopò « Washington » nan pa « Corée du Nord », jedi 10 me a.

Se kòm dabitid atravè Twitter ke Donald Trump kominike nouvèl la:<<somè ke yo tèlman ap tann nan ant Kim Jong-un ak mwen an ap fèt 12 jen sa « Singapour »>>, ekri prezidan an ki ajoute<<Nou tou de pral tante fè jounen 12 jen 2018 la, se yon moman patikilye pou lapè nan mond lan>>.

Ot « maison blanche » lan te remake preferans li pou somè nan zòn demitilarize ant de « Corées » yo, men destinasyon sa sisite rezèv nan antouraj li: twò pwòch kapital nò koreyen an, twò konplike pou sekirize.Donald Trump finalman renonse.

Ipotèz » Singapour « lan pou premye fwa te evoke piblikman pa prezidan ameriken an sa gen de semèn. Site sa se yon lokalizasyon net, ki pi bon epi pi pwòch Pyongyang pou ke dirijan nò koreyen yo ka rann yo avèk avyon pa yo. Singapour gen relasyon diplomatik ak « corée du Nord », ki dispoze de yon anbasad sou plas.
Washington genyen tou yon relasyon ki solide ak « Singapour »: marin ameriken an dispoze kèk bato nan baz naval Changi an, nan estrèm sid.

Zile a montre kapasitel pou òganize byen vit enpòtan somè: se kote ke prezidan chinwa a te chwazi pou rankont istorik li a ak prezidan Taïwan nan , nan novanm 2015.

Lisa RIDORÉ
ridorelisa10@Gmail.com
+(509)4498-77-60

 

Kredi foto: yahoo.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …