PERIPESI TI MACHANN YO ANBA LAVIL LA NAN LITE AK FATRA EPI RESET SOU RESET

Nan yon ti pase nou te fè jou ki te mèkredi 09 me 2018 lan nan pi gwo makèt ki genyen nan kapital peyi Dayiti a (kwadèbosal) ki plase nan mitan vil la, se yon veritab peripesi ti machann yo ap konnen nan kesyon fatra ki moute pil sou pil ak plizyè reset ki fèt nan mache a chak jou.

Plizyè ti machann te reyaji nan mikro Echo Jounal  pou fè konnen yo nan mache a se yon jou byen yon mal. Genyen kimèm arive fè kwè yo pa janm konnen sak rele yon bon jou nan espas yo ye a .yo oblije rete se paske yo pa gen yon lòt kote pou y’al chache lavi. D’aprè pawòl plizyè nan ti machann sa yo se de (2) pi gwo pwoblèm y’ap fè fas nan mache a, premye a se lè lapli tonbe yo pa gen kote pou yo menm mete pye yo ale Vwa kote pou yo ta mete tigrenn penitans yo  paske  fatra ak dlo santi ap fè yo lagè . Dezyèm pwoblèm kap boulvèse yo se koze  resèt kap fèt bò pa bò nan mache a pa plizyè kalite zye(meri, sekirite mache, ak nèg a zam). Genyen ki fè konnen lè yo pa vann poko gen kòb pou Yo peye yo konn arive jete machandiz yo pafwa.

Selon Nadia yon jèn fanm nwa ki gen bèl otè ki gen 28 lane fè konnen li gen pase uit (8) lane depi lap vann pwodui alimantè ( bagay pou fè manje) nan mitan mache kwabosal kounya gen yon ti amelyorasyon pa rapò jan bagay konn ye ak kout bal ki konn ap tire nan tout tikwen mache a, pa moun yo pat janm ka rive idantifye. Gen de jou plis pase 6 a 7 ti machann konn ap mouri andedan mache a, sa fè lontan depi nou pa tande bri  sa yo Jan l te konn ye a .

Sòti kwabosal monte sou granri pase ri dèkazèn, ri Dè Seza poun site sa yo, tout machann se toujou menm plenyen an kote se fatra ak dlo santi ki pa bouke fè yo lagè epi reset de tanzantan. Resèt sa yo pa sèvi yo anyen ke fè yon seri moun vin pi rich sou do yo kap redi nan pwan ponya pou chache lavi miyo pou pitit yo ka ale lekòl epi peye kay .

Fabiola yon granmoun ki gen 52 lane sou tèt li k’ap vann lèt , sik epi kònflèsk nan ri dèkazèn fè konnen li gen plis pase 22 lane depi l chita nan espas sa akote yon galri , li gen 7 pitit 3 fanm epi 4 gason se li fè edikasyon tout . D’aprè sal fè konnen si se pou nan moman kounye  li pa tap kapab , kote ke l di jounen jodia pa gen lavi pou timachann anba lavil paske pa gen lavant epi yon pati jè n gason ap plede pase mande  kòb vire tounen ak gwo presyon ; li mande kote bagay sa yo prale?

Claude se yon jèn gason ki gen 30 lane k’ap vann liv  sou granri a li mande ak majistra Pòtoprens lan Ralph Yourry Chévry eske se pou yon referans  li kite tou dlo  santi melanje ak fatra  kote bis bon repo yo ap chaje a  kifè li pa janm di yon mo pou moun k’ap vann bò kotel yo .

Ti machann yo ki jwe yon gwo wòl nan ekonomi peyi a e ki itil sosyete a sou tout fòm lapli pa lapli katouch pa katouch yo toujou anba lavil la ap bouske lavi e rann nou sèvis, jouk kilè mouche leta ap voye je sou yo?

Michel St Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …